Accessibility links

Breaking News

Sekretè Jeneral L'Onu an, Ban Ki-moon, Envite Ayisyen Al Vote Nan Eleksyon Palmantè yo


Foto achiv - Sekretè Jeneral Nasyonzini, Ban Ki-moon.
Foto achiv - Sekretè Jeneral Nasyonzini, Ban Ki-moon.
Deklarasyon Pòtpawòl Sekretè jeneral Nasyonzini an sou Eleksyon yo ann Ayiti


Sekretè jeneral Nasyonzini an, Ban Ki-moon, byen akeyi òganizasyon eleksyon lejislatif, prezidansyèl e lokal yo ann Ayiti ki tanmen dimanch 9 out 2015 la ak premye tou lejislatif yo.

Eleksyon sa yo moun t ap tann depi lontan reprezante yon etap enpòtan sou wout demokrasi nan peyi Dayiti.

Sekretè jeneral la bat bravo, prensipalman, pou pèp ayisyen an ki pran chak jou pi plis pwosesis la nan men li. Eleksyon moun ka fè konfyans, ki pa mete pati politik nan kanpe lwen e ki dewoule san "benyen kache lonbrit" se kle pou estabilite e pou mete kanpe yon demokrasi djanm nan ane k ap vini yo.

Misye Ban egzòte pati politik, kandida ak patizan yo fè kanpay nan lapè, e pou yo chèche rezoud mezantant yo kapab genyen nan dyalòg e atravè mwayen legal lalwa prevwa. Li envite tout Ayisyen al patisipe nan vòt la pou egzèse dwa yo pou y al vote e renouvle pèsonèl politik nan enstitisyon ka p gouvène yo.

Òganizason Nasyonzini kanpe bò kote pèp ayisyen an e l pral kontinye kore li kòmsadwa nan pwosesis enpòtan sa a.

Nouyòk, 7 out 2015
XS
SM
MD
LG