lendi 20 oktòb 2014, 00:23 EDT

Nouvèl / Lèzetazini

John Kerry, Sekretè Deta Ameriken-Pòtre Nouvo Chèf Diplomasi Etazini an

Sen. John Kerry, D-Mass., apre vòt tout manm Komisyon Afè Etranjè Sena a san manke youn pou konfime li nan pòs Sekretè Deta Etazini pou ranplase Sekretè Deta Hillary Rodham Clinton. Washington, 29 janvye 2013.Sen. John Kerry, D-Mass., apre vòt tout manm Komisyon Afè Etranjè Sena a san manke youn pou konfime li nan pòs Sekretè Deta Etazini pou ranplase Sekretè Deta Hillary Rodham Clinton. Washington, 29 janvye 2013.
x
Sen. John Kerry, D-Mass., apre vòt tout manm Komisyon Afè Etranjè Sena a san manke youn pou konfime li nan pòs Sekretè Deta Etazini pou ranplase Sekretè Deta Hillary Rodham Clinton. Washington, 29 janvye 2013.
Sen. John Kerry, D-Mass., apre vòt tout manm Komisyon Afè Etranjè Sena a san manke youn pou konfime li nan pòs Sekretè Deta Etazini pou ranplase Sekretè Deta Hillary Rodham Clinton. Washington, 29 janvye 2013.
Premye fevriye 2013 la, ansyen senatè John Forbes Kerry prete sèman kòm 68èm Sekretè Deta Etazini. Misye Kerry te oikpe pòs Prezidan Komisyon Afè Etranjè Sena a anvan prezidan Barack Obama te nonmen li nouvo chèf diplomasi Lèzetazini pou ranplase madam Hillary Clinton ki demisyonnen nan pòs la.

Depi plis pase yon syèk, se premye fwa Prezidan Komisyon afè etranjè a okipe fonksyon sa a.

Sekretè Deta Kerry antre nan Depatman Deta apre 28 lane nan Sena Etazini an kòm reprezantan Eta Massachusetts, ki sou kòt Nò-ès Etazini.

Pandan 4 dènye ane yo, se li ki te alatèt Komisyon Afè Etranjè Sena a.
Misye Kerry te pran nesans 11 Desanm 1943 nan«Lopital militè Fitzsimons» nan bouk Aurora, Eta Colorado. Li se youn nan 4 pitit defen Rosemary Forbes Kerry ak Richard Kerry--yon ansyen responsab nan Sèvis Etranje.

Kèk mwa anvan l’ te pran diplòm li nan Inivèsite Yale, John Kerry te anwole tèt li nan Lamarin Etazini e l te patisipe nan misyon aletranje 2 fwa.

Li te pran pa nan konba kòm kapitèn yon bato rapid ki tap fè patwouy sou flèv nan Delta Mekong nan (Rejyon Endochin). Lè l te retounen nan peyi li apre lagè Vyetnam nan, peyi a te dekore l ak yon etwal ajan e ak yon etwal bwonz ki gen yon V sou li ki vle di li te patisipe nan Konba. Kaptèn Kerry resevwa tou 3 meday « Purple Heart », yon Onè Kongrè Etazini an desène ansyen konbatan ki te akonpli misyon yo ak onè e kouraj nan konfli kote Etazini te enplike.

Lè msye Kerry te retounen Ozetazini, li te denonse ak fòs lagè Vyetnam nan.

Sou envitasyon chèf Komisyon an, ansyen konbatan an te fè depozisyon devan Komisyon Afè Etranjè Sena a, yon depozisyon chaje ak emosyon kote li te poze  yon kesyon ki te touche anpil-anpil asistans la: ‘’Kouman nou ka mande yon nonm pou l tann tou pa l pou l mouri an dènye pou yon erè ?’’

Senatè Kerry te lite tou san rete anfavè tokay veteran li yo kòm youn nan fondatè asosyasyon « Veteran lagè Vyetnam » nan Ozetazini e, antanke Senatè ameriken,  li te batay pou asire tout ansyen konbatan jwenn konpansasyon pou sèvis yo rann peyi yo.

Li te goumen pou Kongrè a pwolonje Lwa G.I.la ki pèmèt veteran lagè yo ale nan Inivèsite pou yo ka sòti ak yon diplòm Edikasyon Siperyè nan men yo e jwenn meyè tretman posib pou maladi PTSD a (Post Traumatic Stress Disorder), ki se chòk sikolojik (traumatisme) k ap trakase sèvo moun ki te sibi gwo chòk emosyonèl pandan misyon yo sou chann’d batay yo atravè lemond.

An 1976, msye Kerry resevwa diplòm avoka li nan lekòl de Droit « Boston College ».
Li te okipe pòs kòm Komisè Gouvènman awondisman Middle Essex, nan eta Massachusetts, kote li te lite kont krim òganize, defann dwa viktim yo e kreye yon pwogram tretman sikolojik pou moun viktim kadejak yo.

An 1982, misye Kerry te eli Lyetnan-Gouvènè Eta Massachusetts, kidonk Asistan-Gouvènè a, e 2 lane apre li te ranpòte eleksyon senatoryal yo pou l vini reprezantan Massachusetts nan Chanm Wot Etazini an kote li ta pral pase 28 an.

An 2009, li te monte prezidan Komisyon Afè Etranjè Sena a, kote li tounen yon lidè nan Gran Kò a sou tout sijè enpòtan ki konsène politik etranjè ak sekirite nasyonal Lèzetazini, tankou sou Afganistan ak Pakistan, e sou politik pou anpeche zam nikleyè simaye nan lemond, e sou pwoblèm rechofman klima a sou planèt tè a.

Kòm prezidan Komisyon an, li te kontinye travay li te reyalize anvan sa nan Sena a, antwòt, nan ede konsyantize opinyon piblik la sou eskandal lavant zam Iran-Contra a e sou wòl lidè li te jwe nan lit kont maladi SIDA a atravè lemond.

Antanke lidè Komisyon Sena a deziye pou okipe afè prizonye lagè ak solda ki disparèt nan lagè yo, li te travay pou l aprann laverite sou sò solda ki te disparèt pandan lagè Vyetnam nan e pou retablisma relasyon diplomatik ant Etazini ak peyi sa a.

An 2010, Kòm Chèf Komisyon Afè Etranjè Sena a, John Kerry te jwe yon wòl enpòtan nan ratifikasyon Nouvo trete START la (Trete pou Rediksyon Zam Estratejik yo) ak Larisi---yon akò enpòtan anpil e ki te ede 2 peyi yo evite yon konfwontasyon nikleyè danjere nan epòk lagè frèt ak ansyen l’Inyon Sovyetik la.

Jounal New York Times ekri gras ak sèvis li kòm prezidan komisyon an misye « Kerry pratike kounye a pwòp stil diplomasi pa l antanke chèf Komisyon Afè Etranjè a, men tou, yon fason remakab, kòmkidire yon manm ki pa regilye nan ekip Sekirite Nasyonal Prezidan Obama a ki te voye l jere kriz apre kriz nan zòn danjere tankou Afganistan, Pakistan ak Soudan.’’

Pandan 28 ane li pase nan Sena a, msye Kerry te dirije divès Sou-Komisyon sou rejyon Azi ak Pwòch Oryan an, kote li te ekri e fè adopte anpil pwojè-lwa sou trafik dwòg entènasyonal, lavaj lajan zòt fè nan move kondisyon, sou èd imanitè ak chanjman klima a.

Li te ede negosye tou ak tribinal l-ONU sou masak pa bann e pa pakèt yo pou jije moun ki te komèt krim lagè nan peyi Kanbòdj yo.

Senatè John Kerry te okipe gwo pozisyon nan Komisyon Finans, Komès, ak Ti Biznis la, e li te manm Komisyon ant 2 prensipal pati politik yo (Demokrat ak Repibliken) k ap travay pou redwi defisi a, kote li te travay ak 2 pati yo pou eseye redui dèt peyi a e bay ekonomi amerikèn nan jarèt. Anvan l kite Sena a, Msye Kerry se te 7èm Senatè pi wo plase nan Gran Kò a.

Msye Kerry te kandida Pati Demokrat la pou pòs Prezidan Etazini nan eleksyon prezidansyèl 2004 la.

Sekretè Deta Kerry ekri plizyè liv ki te vann kou pate cho, antwòt, A Call to Service: My Vision for a Better America, (Yon Apèl pou m Sèvi: Vizyon pa m pou yon pi bon Etazini) epi This Moment on Earth, (Moman Sa a sou Tè a--- yon liv sou anviwònman an li te siyen ansanm ak madanm li, Teresa Heinz Kerry.

Ansanm, koup la fyè deske li fòme yon fanmi kote tout manm yo fè yon sèl--sètadi, 2 pitit fi, 3 gason ak 3 pitit pitit li yo.

Swiv nou sou rezo sosyal yo