Accessibility links

Breaking News

Yon Somè sou Sekirite Nikleyè Rive sou 2èm e Dènye Jounen li nan Washington, D.C.


Prezidan Barack Obama, ki te gen avèk li (de goch a dwat) Sekretè Deta John Kerry, Vis Prezidan Joe Biden ak Konsye pou Sekirite Nasyonal la, Susan Rice, tap pale pandan yon rankont avèk Prezidan Chinwa a, Xi Jinping, nan Somè sou Sekirite Nikleyè a nan Washington. (Foto: AP/Jacquelyn Martin - Jedi 31 mas 2016).
Prezidan Barack Obama, ki te gen avèk li (de goch a dwat) Sekretè Deta John Kerry, Vis Prezidan Joe Biden ak Konsye pou Sekirite Nasyonal la, Susan Rice, tap pale pandan yon rankont avèk Prezidan Chinwa a, Xi Jinping, nan Somè sou Sekirite Nikleyè a nan Washington. (Foto: AP/Jacquelyn Martin - Jedi 31 mas 2016).

Prezidan ameriken an, Barack Obama, pral pran lapawòl vandredi premye avril 2016 la, nan fen 2èm e dènye jounen yon somè sou sekirite nikleyè kap dewoule Washington avek prezans anviwon 50 lidè mondyal. Nan sware jounen jedi a, Misye Obama te ofri yon dine pou chèf deta ak chèf gouvènman ki prezan nan somè sa a e kap konsantre atansyon yo sou menas devlopman zam nikleyè ak tès nikleyè Kore di Nò yo poze.

Kore di Nò fè yon lòt pwovokasyon vandredi premye avril la lè li lanse sa obsèvatè yo sispèk kòm yon misil balistik nan Lanmè Japon an, daprè sa laprès nan Kore di Sud rapòte. Zak sa a vin ogmante tansyon an ant Kore di Nò, Kore di Sud ak alye oksidantal Sewoul yo.

Anvan Prezidan Obama te ofri dine jedi swa a, li te rankontre ak lidè Kore di Sud ak Japon pou chita-tande ki te santre sou nesesite pou yo mete ansanm pou yo elimine zam nikleyè sou Preskil Kore a. Prezidan ameriken an:

“Nou pase ekip nou yo lòd pou yo travay san pèdi tan, nan semèn ak mwa kap vini yo, pou yo pran otan dispozisyon posib ansanm ak alye nou yo, yon fason pou garanti nou genyen yon Preskil Kore ki pa gen zam nikleyè sou li e nou kapab retabli yon sans stabilite ak lapè nan rejyon an.”

Lèzetazini ak lòt puisans mondyal yo rekonèt se chak jou lap vin pi ijan pou yo sekirize materyèl nikleyè yo ak depo kote materyèl sa yo ye, yon fason pou anpeche yo tonbe anba men teworis aprè atak ki te fèt nan vil Briksèl, nan peyi Beljik, nan dat 22 mas pase a.

XS
SM
MD
LG