Accessibility links

Breaking News

Rankont Prezidan Michel Martelly ak Yon Delegasyon Palmantè Ameriken


Prezidan ayisyen an, Michel Martelly, nan Biwo oval Mezon Blanch lan, Washington, DC. (foto achiv fevriye 2014)
Prezidan ayisyen an, Michel Martelly, nan Biwo oval Mezon Blanch lan, Washington, DC. (foto achiv fevriye 2014)
Prezidan ayisyen an, Michel Martelly, fè chita-pale mèkredi 16 avril la ak yon delegasyon palmantè Kongrè ameriken nan palè nasyonal la, nan vil Pòtoprens, kapital Ayiti. Selon biwo kominikasyon prezidans la, pandan chita-koze a, lidè ayisyen an reyafime volonte li pou l òganize eleksyon disi fen ane 2014 la.
Delegasyon an salye tou pwogrè ki fèt nan peyi Dayiti pandan 3 dènye ane yo ansanm ak efò gouvènman misye Martelly a pou l mete peyi li sou ray yon devlopman "kap dire".

Misye Martelly ak lejislatè ameriken yo te abòde plizyè lòt kesyon---pami yo dyalòg ki te debouche sou akò El Racho a.

Fè yon klik sou ikon "Multimedia" ki anba, agoch atik sa a pou plis presizyon ak Ronald César.
XS
SM
MD
LG