Accessibility links

Breaking News

Nasyonzini fè yon Pwopozisyon Lapè Bay Siri


Nasyonzini fè yon Pwopozisyon Lapè Bay Siri
Nasyonzini fè yon Pwopozisyon Lapè Bay Siri

Konsèy Sekirite Nasyon Zini an adopte yon deklarasyon ki apiye plan ke anvwaye l ONU ak Lig Arab la, Kofi Annan, prezante pou chache mete fen nan rebelyon ki la a depi yon lane a nan Siri.

Deklarasyon an fè konnen Siri pral fè fas ak ‘‘plis etap’’ si l rejte pwopozisyon lapè Msye Annan nan ki gen 6 pwen ladann. Plan an mande yon sese l fe, dyalòg politik ant gouvènman an ak opozisyon an, ak fasilite pou ajans imanitè k ap bay èd yo antre nan peyi a.

Korespondan Lavwadlamerik nan l ONU an fè konnen Konsèy Sekirite a ki gen 15 manm e ki baze nan Nouyòk, pami yo La Risi ak Lachin, antann yo sou deklarasyon an a 10 è maten an nan lè Nouyòk, inèd tan apre yon delè te bout pou nenpòt manm ta mande chanjman ladann.

XS
SM
MD
LG