Prezidan Venezuelyen an, Hugo Chavez, retounen Kiba kote li pral resevwa pou plis tretman pou maladi kansè.
Byen ta samdi 6 out 2011 la Misye Chavez te rive La Avàn kote Prezidan Raul Castro te resevwa li.
Medsen kiben yo te wete yon gwo timè nan kò lidè Venezuelyen an nan mwa jen pase a. Aprè operasyon sa a, Misye Chavez te swiv yon premye tranch tretman chimyoterapi mwa pase a.
Doktè yo pral fè kèk egzamen sou li pou yo kapab wè si l ap bezwen yon 2èm tranch chimyoterapi.
Prezidan venezuelyen an, ki gen 57 an, pa di egzakteman ki kalite kansè li genyen ni li pa di non plis jiska ki degre maladi a gaye nan kò li.