Accessibility links

Breaking News

Prezidan Barack Obama Deklare Li Pre Yon Akò Sou Falèz Fiskal La Men Akò a Poko Pare


President Barack Obama kap di nan Mezon Blanch lan nan ki pwen negosyasyon Falèz Fiskal la ye lendi 31 desanm 2012 la
President Barack Obama kap di nan Mezon Blanch lan nan ki pwen negosyasyon Falèz Fiskal la ye lendi 31 desanm 2012 la
Nan yon deklarasyon li fè lendi 31 desanm nan depi Mezon Blanch lan, prezidan Barack Obama di li pre yon akò" ak lidè nan Kongrè a sou Falèz Fiskal la, men li di akò a poko fin pare paske rete toujou kèk kesyon pou yo rezoud, men nou gen espwa Kongrè kapab regle kesyon sa yo".

Misye Obama ajoute: Nou dwe rezoud kesyon sa yo (rediksyon depans gouvènman an ak pwogram sosyal yo) yon fason ekilibre e responsab. Dènye bagay sitwayen yo pa ka sipòte kounye a se peye $2 mil dola taks anplis ane kap vini an.

"Premye priyorite nou, se anpeche fanmi klàs mwayèn yo peye plis taks e mwen egzòte Kongrè a aji jodi a menm" , deklarasyon prezidan Barack Obama sou negosyasyon konsènan "mur budgétaire la" ke yo rele isit Ozetazini "Falèz Fiskal".

Si 2 pati yo pa rive jwenn yon akò anvan minui jou 31 desanm nan gouvènman an pral otomatikman oblije koupe 600 milya nan depans li e taks tout sitwayen ameriken pral ogmante apati premye janvye 2013 la–yon sitiasyon, dapre ekonomis yo, ki ka lage ekonomi ameriken an ki deja "pa lasante" nan yon resesyon.

Lidè minorite repibliken an nan Sena a, Mitch McConnell, li-menm tou di yo pa lwen yon akò pou evite peyi a tonbe nan sitiasyon sa a.
XS
SM
MD
LG