Prezidan Venezuelyen an, Hugo Chavez, deklare sa pap pran tan pou l al suiv yon dezyèm tranch tretman chimyoterapi pou maladi kansè.
Misye Chavez fè anons sa a mèkredi 3 out 2011 la sou medya leta nan Karakas ; li ajoute li ka nesesè tou pou l swiv 4 tranch tretman chimyoterapi.
Moun poko konnen egzakteman si lidè venezuelyen an pral suiv tretman sa yo nan peyi Venezuela oubyen si l pral retounen Kiba kote li te fè operasyon nan mwa Jen pase a ; se nan Kiba tou li te swiv premye tranch tretman chimyoterapi a nan mwa Jiyè pase a.