Accessibility links

Breaking News

Prezidan Privert Repete Volonte Gouvènman an pou l Fòme Komisyon Evalyasyon Elektroal la


Prezidan Pwovizwa ayisyen an, Jocelerme Privert.
Prezidan Pwovizwa ayisyen an, Jocelerme Privert.

Ann Ayiti, nan okazyon anivèsè lanmò Toussaint Louverture, prekisè endepandans peyi d Ayiti a, Prezidan Pwovizwa Jocelerme Privert fè yon diskou kote li repete volonte gouvènman an pou l kreye yon komisyon pou re-evalye rezilta eleksyon lejislatif ak prezidansyèl ki te dewoule nan fen ane 2025 la. Daprè Misye Privert, komisyon sa a nesesè pou remete konfyans nan pwosesis elektoral la.

Prezidan Komisyon Etik ak Anti-Koripsyon an nan Sena a, Youri Latortue, anonse komisyon lap dirije a ap lanse yon ankèt sou administrasyon divès Premye Minis pou konnen kijan yo te jere lajan Petro Karibe a (swa lajan yo te antre nan lavant petwòl peyi Venezuela te fè Ayiti jwenn nan kondisyon privilejye). Senatè Latortue deklare 5 ansyen Premye Minis pral jwenn envitasyon pou yo eksplike kijan lajan Petro Caribe a te depanse sou gouvènman respektif yo. Ansyen Premye Minis sa yo se: Michelle Pierre-Louis, Jean Max Bellerive, Garry Conille, Laurent Lamothe ak Evans Paul.

Michel Joseph –jounalis nan Radyo-Televizyon Karayib, afilye Lavwadlamerik nan Pòtoprens—ranpòte yon pri prestijye nan peyi Lafrans. Se Pri Philippe Chaffonjan, ki pote non yon jounalis feransè ki gen gwo renome e ki rekonpanse travay ekselan ki fèt nan domèn repòtaj miltimedya. Misye Joseph te resevwa twofe a nan yon seremoni ki dewoule jedi 7 avril la nan vil Pari, an Frans.

XS
SM
MD
LG