Accessibility links

Breaking News

Etazini-Akò Nikleyè ak Iran: Pozisyon Depaman Kandida Hillary Clinton ak Donald Trump


Ansyen Sekretè Deta e kandida a la prezidans Pati Demokrat la, Hillary R. Clinto, pandan li tap pale de akò sou pwogram nikleyè Iranyen an nan Brookings Institute nan Washington, D.C., nan dat 9 out 2015 la.
Ansyen Sekretè Deta e kandida a la prezidans Pati Demokrat la, Hillary R. Clinto, pandan li tap pale de akò sou pwogram nikleyè Iranyen an nan Brookings Institute nan Washington, D.C., nan dat 9 out 2015 la.

Ozetazini, kandida a la prezidans pou Pati Demokrat la, Hillary Clinton, deklare li apiye akò entènasyonal sou pwogram nikleyè iranyen an. Nan yon diskou Madam Clinton pwononse mèkredi 9 septanm 2015 la, nan Brookings Institute nan Washington, D.C., sou akò sa a (yon akò Lèzetazini ak kèk lòt puisans mondyal te siyen sa pa gen lontan), li fè konnen li dispoze enpoze sanksyon sou Iran pou mwenn ti vyolasyon Teyeran ta komèt pou l chache posede zam nikleyè; an plis sanksyon sa yo genyen aksyon militè. Madam Clinton di pou kisa li apiye akò a.

"Eske akò a pafè? Natirèlman non. Pa gen akò konsa ki janm pafè. Men, èske se yon akò ki fò? Wi, li fò. E nou pa gen absoliman okenn rezon pou nou kite l tonbe."

Kandida a la prezidans pou Pati Repibliken an, Donald Trump.
Kandida a la prezidans pou Pati Repibliken an, Donald Trump.

Yon lòt kandida a la prezidans, Donald Trump, bay pozisyon n tou sou akò entènasyonal la. Misye Trump, ki se youn nan plizyè kandida Pati Repibliken an, deklare:

"Jamè, jamè nan tout vi mwen, mwen pat janm ko wè yon akò moun negosye avèk tèlman enkonpetans, ke akò nukleyè avèk Iran an."

Donald Trump devan nan sondaj yo bò kote kandida repibliken yo. Enfòmasyon yo fè konnen li pap fasil ditou pou administrasyon Obama a fè majorite ki nesesè nan kongrè a aksepte vote an favè akò entènasyanal sa a pou Lèzetazini mete li an aplikasyon. Sepandan li pa sanble kantite vwa pati opozisyon an ap sifi pou kraze yon veto Prezidan Barack Obama pwomèt pou l itilize kont tout vòt ki rejte akò a.

XS
SM
MD
LG