Accessibility links

Breaking News

Pewou-Politik: Manifestasyon kont Kandida a la Prezidans Keiko Fujimori

Yon nonm ki kenbe nan men li yon postè an koulè pandan yon pwotestasyon kont kandida a la prezidans Keiko Fujimori e kont kou deta papa li, ansyen Prezidan Alberto Fujimori, te tante fè an 1992. Manifestasyon sa a te dewoule anba lavil Lima madi 5 avril 2016.

O Pewou, plizyè milye moun pran lari nan jounen madi 5 avril 2016 la nan Lima, kapital la, ak lòt vil peyi a pou yon manifestasyon ki dewoule chak ane; men ane sa a manifestan yo te fikse atansyon yo sou kanpay prezidansyèl Madam Keiko Fujimori, pititfi yon ansyen prezidan ki nan prizon pou koripsyon. Youn nan òganizatè pwotestasyon an nan Lima, Jorge Rodriguez, fè konnen peryòd Fujimori yo se yon tan ki pase e depase pou Perivyen yo. Misye Rodriguez di :

<< Nou leve kont sa tout Keiko Fujimori reprezante. Politikman li reprezante enpite, koripsyon, mafya ki te dirije peyi a nan ane 90 yo. Li fè n sonje moun ki disparèt yo; li fè n sonje asasen yo. Se poutèt sa genyen yon mouvman nasyonal kap di: “Keiko pap pase. Yon lòt Fujimori … se swa Jamè.”>>

Kandida a la prezidans Keiko Fujimori, lidè pati "Fòs Popilè a" pandan li tap mennen kanpay nan yon bidonvil nan Lima nan dat 22 mas 2016 la.
Kandida a la prezidans Keiko Fujimori, lidè pati "Fòs Popilè a" pandan li tap mennen kanpay nan yon bidonvil nan Lima nan dat 22 mas 2016 la.

Moun kap kritike Keiko Fujumori yo pè pou l pa enstale o Pewou menm kalte pouvwa otoritè papa li te tabli nan peyi a nan ane 90 yo. An 2011 li te poze kandidati li an fas aktyèl prezidan perivyen an, OIlanta Humala. Misye Humala, bò kote pa l, ap kite pouvwa a ane sa a, paske konstitisyon an pa pèmèt li ale dèyè yon lòt manda.

XS
SM
MD
LG