Accessibility links

Breaking News

Atak Teworis nan vil Lahore, Pakistan. Bilan: Anviwon 70 Mò ak Plis Pase 300 Blese.


Manm fanmi yon fanm pakistanèz ap konsole manmzèl apre lanmò yon paran li nan eksplozyon bonm ki fèt tou pre yon plas piblik dimanch 27 mas 2016 la. Antèman viktim nan tap chante lendi 28 mas la nan vil Lahore, Pakistan.
Manm fanmi yon fanm pakistanèz ap konsole manmzèl apre lanmò yon paran li nan eksplozyon bonm ki fèt tou pre yon plas piblik dimanch 27 mas 2016 la. Antèman viktim nan tap chante lendi 28 mas la nan vil Lahore, Pakistan.

Nan peyi Pakistan, pèp la an dèy nan okazyon lanmò omwen 70 moun dimanch 27 mas 2016 la nan yon atak ak bonm-suisid militan Taliban yo lanse nan vil Lahore, nan pati lès peyi a. Daprè responsab lopital yo, pami mò yo genyen 30 timoun pou pi piti. Eksplozyon an fèt nan yon plas piblik ki te chaje ak moun e li blese plis pase 300 kretyen-vivan. Anpil nan viktim yo se manm minorite kretyèn nan ki te reyini pou yo selebre Dimanch Pak la.

Yon pòtpawòl lame pakistanèz la deklare lendi 28 mas la otorite militè yo deja lanse plizyè operasyon ki baze sou premye endis yo te resevwa yo e yo arete kèk sispèk teworis ak moun kap viv nan zòn nan, pi presizeman nan kapital pwovens Punjab la ak 2 lòt vil; otorite yo konsidere moun sa yo kom fasilitatè atak la. Pòtpawòl la pa bay plis detay.
Yon pòtpawòl yon branch rebèl mouvman Taliban an nan Pakistan --an palan de Jamaatul Ahraar-- reklame responsablite pou atak la. Li di se Kretyen yo menm li te vize.

XS
SM
MD
LG