Accessibility links

Breaking News

2 Otorite Ameriken Tom Shannon ak Tom Adams ap Vizite Ayiti 30 Mas 2015 la


El subsecretario de Estado para asuntos políticos, Thomas Shannon, en diálogo con VOA, en la Conferencia de CAF.
El subsecretario de Estado para asuntos políticos, Thomas Shannon, en diálogo con VOA, en la Conferencia de CAF.

Konseye Depatman deta ameriken Thomas Shannon ak kowòdonatè spesyal Depatman deta pou Ayiti Thomas Adams genyen pou yo vini ann Ayiti lendi 30 mas 2015 la.

2 otorite ameriken yo genyen pou yo rankontre ak reprezantan gouvènman ayisyen an, reprezantan òganizasyon entènasyonal yo, ak reprezantan Misyon Nasyonzini pou Stabilizasyon ann Ayiti a Minustah pou yo fè diskisyon sou preparasyon pwochen eleksyon yo ann Ayiti.

Tom Shannon ak Tom Adams genyen pou rankontre tou ak reprezantan chanm komès ak endistri a.

Avan sa, nan dat 29 mas 2015, Tom Adams ak Tom Shannon genyen pou yo vwayaje nan Repiblik Dominikèn pou yo rankontre ak otorite wo plase nan gouvènman dominiken an, manm sosyete sivil la, ak sektè prive a.

2 otorite yo genyen pou yo rankontre tou ak prezidan Medina, minis afè etranjè Navarro, ak reprezantan òganizasyon Entènasyonal Migrasyon (OIM), ak reprezantan wo komisarya Nasyonzini pou refujye yo.

Pami dosye 2 otorite ameriken yo pral diskite ak responsab dominiken yo, genyen somè dèzamerik la ki gen pou fèt nan Panama, relasyon ant peyi nan rejyon an, ak kesyon bilateral enpòtan.

Pandan visit yo nan repiblik Dominikèn, konseye depatman deta Tom Shannon ak kowòdonatè spesyal depatman deta pou Ayiti a Tom Adams pral rankontre tou ak reprezantan sosyete sivil la pou fè diskisyon sou migrasyon ak dwa travayè yo.

XS
SM
MD
LG