Accessibility links

Breaking News

Operasyon Militè Lafrans nan Peyi Siri


Foto 2 avyon Rafale Lafrans
Foto 2 avyon Rafale Lafrans

36 zè anviwon apre atanta teworis ki pran lavi 132 moun e blese plis pas 352 lòt--99 nan yon eta grav-- nan kapital parizyen an, Paris, Lafrans lanse yon kokenn operasyon militè sou vil Raqa nan peyi Siri, dapre chèn televizyon amerikèn yo. Raqa se bastyon Gwoup Eta Islamik la nan Siri.
Vandredi, prezidan franse a, François Hollande, te deklare atak teworis yo se "yon zak lagè e anonse repons Paris pral yon repons san pitye".
Dapre yon kominike Ministè Defans franse a, avyon franse yo lage 20 bonm sou vil la ke Gwoup la konsidere kòm kapital Kalifa li vle tabli nan Irak, Siri an nan Levan an.
Ministè Defans la, sepandan, pa di si operasyon sa a antre nan kad lit koalisyon entènasyonal Etazini ap dirije a ap mennen depi plis pase yon lane kont Eta Islamik la (Daesh pou peyi Lafrans) ou si bonbadman sa a se reprezay prezidan Hollande te anonse nan deklarasyon li te fè vandredi apre atak mòtèl nan kapital franse a. Otorite franse yo pa presize non plis konbyen sib yo te vize ni si genyen viktim e konbyen.
Yo pa endike non plis si tout avyon franse yo rantre nan baz yo ni si yo te benefisye asistans Lèzetazini oubyen si avyon ameriken te patisipe nan operasyon bonbadman an.

Antretan, anketè franse yo, ansanm ak tokay bèlj yo lage koukouwouj dèyè sispèk yo kwè ki mele nan aksyon vandredi 13 novanm nan. Lapolis nan Beljik arete yon sispèk apre ajan polis fransè te dekouvri yon passpò ak yon otomobil ki gen plak li anrejistre an Beljik e ki sanble te sèvi pou teworis yo rantre an Frans. nan menm moman an, responsab bèlj yo lanse yon manda arestasyon entènasyonal kont yon eleman ki ta genyen frè li enplike nan atak teworis vandredi pase yo.

(swiv nou pou nouvo devlopman yo)

XS
SM
MD
LG