vandredi 18 avril 2014, 04:00 GMT

Nouvèl / Lèzetazini

Ochan Pou Rosa Parks, Yon Gwo Figi Istorik Mouvman Dwa Sivik Ameriken an

Foto, Rosa Parks k ap souri pandan yon seremoni ki te dewoule an novanm 1999 kote li t' ap resevwa Meday Libète Kongrè a nan vil Detroit, Eta Michigan Foto, Rosa Parks k ap souri pandan yon seremoni ki te dewoule an novanm 1999 kote li t' ap resevwa Meday Libète Kongrè a nan vil Detroit, Eta Michigan
x
Foto, Rosa Parks k ap souri pandan yon seremoni ki te dewoule an novanm 1999 kote li t' ap resevwa Meday Libète Kongrè a nan vil Detroit, Eta Michigan
Foto, Rosa Parks k ap souri pandan yon seremoni ki te dewoule an novanm 1999 kote li t' ap resevwa Meday Libète Kongrè a nan vil Detroit, Eta Michigan
Dimansyon Lèt yo - +
— 4 fevriye ki sòt pase a, Lèzetazini komemore 100èm anivèsè Rosa Parks, yon “grande figure” nan lit pou dwa sivik yo Ozetazini nan ane 60 yo.

Madam Parks, se dam ki te pra l lakòz deklanchman mouvman bòykotaj sèvis transpò piblik vil Montgomery a, Eta Alabama, nan ane 1955/ 1956 apre li te refize leve bay yon Blan chèz kote ‘l te chita jan lwa segregasyon ki te anvigè nan Eta Alabama nan epòk la an te egzije l fè l.

Desizyon sa a te lakòz l 'al chwe nan biwo’d polis e te sèvi kòm katalizè mouvman bòykotaj 13 mwa sèvis transpò piblik vil Montgomery a e ki te galvanize lit pou Dwa Sivik ane 60 yo Ozetazini avèk Rev. Martin Luther King, Merv Edgar, John Lewis (Depite Eta Georgia depi 1986 nan Chanm Reprezantan Etazini an), Rev. Jesse Jackson, elatriye.

Si Madam Parks te vivan toujou, 4 fevriye 2013 la t ap fè l 100 tan. Nan okazyon sa a, Sèvis Postal Ameriken an pou onore memwa Gran Dam sila a nan istwa peyi a, men sitou nan istwa Nwa yo Ozetazini, te òganize yon kokenn seremoni kote yo revele miz’an sikilasyon yon tenm ki genyen pòtrè Madam Rosa Parks.

Seremoni an te dewoule nan Mize istwa Afriken-Ameriken Detroit la, Eta Michigan, anpalan Charles H. Wright Museum  ak nan mize Henry Ford la, nan Dearborn, toujou nan Michigan. Mize Wright la tounen premye kote yo te mete tenm sa a alavant. Tenm nan genyen Fraz sa a ekri sou li : « Rosa Parks Forever, (konprann Rosa Parks pou tout tan » .

Fò m di oditè yo, Henry Ford Museum nan se la yo ekspoze otobis madam Parks te a bò l jou premye desanm 1955, lè li te refize sede yon blan plas li a pou l ale chita dèyè, nan fon otobis la, jan Lwa segregasyonis e rasis Jim Crow Lwa a te egzije l la.
2 zan apre ensidan Montgomery a, madam Parks te chwazi al viv nan Vil Detroit avèk mari li, Raymond…e l te viv la jouk ane 2005, lè Granmèt la nan syèl la te deside rele l. Li te genyen 92 zan.

Moun ki renmen fè koleksyon tenm yo (filatelis yo) ak tout moun ki kwè nan jistis, libète, ekite ak egalite, te fè deplasman an nan Detroit ak nan Dearborn, Eta Michigan, pou al asiste e patisipe nan evènman istorik sa a.

Jacques Jean-Baptiste.

Swiv nou sou rezo sosyal yo