Accessibility links

Breaking News

Prezidan Obama Fè Konpliman pou Teknoloji Amerikèn nan yon Fwar Endistriyèl ann Almay


Prezidan Barack Obama pandan li tap bay yon konferans pou laprès, dimanch 24 avril 2016 la, ak chanselye Almay la, Angela Merkel (adwat), aprè yo te fin fè kèk chita-tande a 2.
Prezidan Barack Obama pandan li tap bay yon konferans pou laprès, dimanch 24 avril 2016 la, ak chanselye Almay la, Angela Merkel (adwat), aprè yo te fin fè kèk chita-tande a 2.

Prezidan ameriken an, Barack Obama, vizite pi gwo fwar sou teknoloji endistriyèl nan lemond nan kòmansman jounen lendi 25 avril 2016 la -yon fwar kap dewoule nan vil Hanòv, ann Almay. Misye Obama fè konpliman pou inovasyon Lèzetazini reyalize nan domèn nan epi li lanse apèl pou l mande yon pi gwo kowoperasyon entènasyonal nan echanj teknolojik yo.

Pandan Misye Obama tap pale bò kote chanselye Almay la, Angela Merkel, li renouvle apui administrasyon n nan pou yon akò komèsyal istorik Washington ak Bèlen siyen; answit li deklare li konsidere konpetisyon akò sa a ouvè ant konpayi 2 peyi yo kòm “yon konpetisyon amikal e ki bay bon rezilta.” Pou sa k konsènen konfli ki egziste atravè lemond yo, lidè ameriken an fè deklarasyon sa a:

“Nan moman divès defi ki poze nan lemond ap evolye, alyans nou an dwe evolye tou. Konsa, lè nou pral òganize pwochen Somè l'OTAN an nan Vasovi nan sezon ete pwochen an, m pral ensiste sou le fèt ke nou tout fèt pou fè fas ak responsablite nou yon fason ini e ansanm.”

Prezidan Obama ak Chanselye Merkel pandan yo tap vizite fwar sou teknoloji endistriyèl la nan vil Hanòv.
Prezidan Obama ak Chanselye Merkel pandan yo tap vizite fwar sou teknoloji endistriyèl la nan vil Hanòv.

Apre misye Obama ak Madanm Merkel te fin pran lapawòl, yo tou le 2 te vizite fwar la; yo te fè yon rete devan plizyè stand kote yo eskpoze pwodui konpayi amerikèn.

Yon lòt kote, Prezidan Barack Obama konfime plan li genyen pou l voye yon lòt kontenjan 250 sòlda nan Siri pou ede konbatan opozisyon an lite kont Gwoup Eta Islamik la. Misye Obama bay konfimasyon sa a nan konferans pou laprès li tap bay ansanm avèk Chanselye Merkel la. Prezidan Obama di:

“Mwen apwouve plan pou yon lòt gwoup kap gen jiska 250 sòlda ladan n ale pran pozisyon nan peyi Siri.”

Kontenjan ki prale nan Siri a ap gen ladan n pèsonèl medikal ak ajan ransèyman. Sa pral fè kantite sòlda ameriken ki nan Siri yo monte rive 300. Lalmay se dènye eskal nan yon vwayaj ki dire yon semèn kote Prezidan ameriken an te diskite sou menas Gwoup Eta Islamik la poze avèk lidè peyi Lalmay, La Grand Bretay ak Arabi Sawoudit.

XS
SM
MD
LG