Accessibility links

Breaking News

Nouvo pwotestasyon Mèkredi nan Pòtoprens, Ayiti: Yon Moun Blese Anba Bal


Kat jeografik Ayiti
Kat jeografik Ayiti
Pou yon dezyèm jou youn apre lòt manifestasyon dewoule nan kapital ayisyen an, Pòtoprens, yon devlopman ki montre gen yon sèten tansyon sosyal ka p monte nan kapital la, si se pa nan plizyè rejyon peyi a. Madi te genyen deja yon pwotestasyon gwoupman politik MOPOD (Mouvman Opozisyon Demokratik la) te mete sou pye pou denonse politik gouvènman an e reklame demisyon prezidan Michel Martelly.

Lapolis te kwape manifestan yo ak kout grenad lakrimojèn, e genyen yon fotograf etranje ki blese pandan pwotestasyon an. Manifestasyon mèkredi 16 avril la te dewoule devan lokal Ofis Nasyonal Asirans Vyeyès la, kote anplwaye yo ki ap fè grèv depi anviwon 3 semèn ap reklame demisyon direktè jeneral la yo akize k ap mal jere enstitisyon an.

Pandan debreyaj la, genyen yon akwochay ki eklate ant sèten pwotestatè ak ajan sekirite l'Ona yo e genyen yon bal ki tire k 'al blese youn nan manifestan yo.
Korespondan nou Clarens renois te swiv evolisyon sitiasyon an prepare yon kontrandi sou klima sosyal la.

Ale sou ikon Multimedia, agoch paj sa a, pou koute repòotaj li sou ensidan an.
XS
SM
MD
LG