Accessibility links

Breaking News

Ayiti: Misyon Fon Clinton-Bush la Rive Nan Bout li


Ansyen prezidan ameriken Bill Clinton ak George W. Bush snan konferans donatè sou rekonstriksyon Ayiti a (foto achiv)
Ansyen prezidan ameriken Bill Clinton ak George W. Bush snan konferans donatè sou rekonstriksyon Ayiti a (foto achiv)
Gwoup Clinton-Bush Funds-nan anonse lap sispann operasyon li nan peyi Dayiti. Desizyon sa a tonbe preske 3 zan apre terib tranbelann’tè ki te devaste nan mwa janvye 2010 plizyè vil enpòtan peyi karibeyen an, pami yo kapital la, Pòtoprens

Meg Galloway Pearce, vis-prezidan depatman maketing ak kominikasyon Fond Clinton-Bush la, di ajans nouvèl Associeted Press, gwoup filantwòpik la ap sispann aktivite li 31 desanm apre li finn depanse tout 54 milyon 400 mil dola li te ranmase atravè antrepriz komèsyal, òganizasyon karitativ ak don sitwayen prive.

Fon an anonse li pa pral aksepte non plis tou ni nouvo don ni pwopozisyon “don”.

Mrs.Pearce presize «se pat janm entansyon an pou Fon Clinton-Bush la rete yon enstitisyon pèmanan. Kounye a lajan fni, nou deside mete fen nan operasyon an."

Lajan Fon Clinton-Bush la te ranmase, li te fè don, prè e ankouraje envestisman avèk li ann Ayiti e li te sèvi tou nan finanse 50 antrepriz prive tankou lekòl vokasyonèl, gwoup atizan ak endistri otelyè a.

Fon a finanse ankò yon pwojè envestisman 2 milyon dola, mete sou yon kontribisyon $.275.000 dola gwoup OASIS FOUNDATION---branch yon chèn otèl kap chèche remonte nivo endistri otelyè a nan peyi Dayiti atravè fòmasyon pèsonèl ak travayè.

Semèn kap vini an Fon Clinton-Bush la pral asite inogirasyon yon kokenn otèl 10 etaj nan Pétion-Ville: Otèl “ Royal Oasis”, yon pwojè li apiye e ede reyalize.
XS
SM
MD
LG