mèkredi 22 me 2013, 10:46 GMT

Maladi Kolera a Pran Lavi Prèske 5 Mil Moun ann Ayiti

Dr. Berlius Philogene
Dr. Berlius Philogene

Multimedia

Audio
Dimansyon Lèt yo - +
VOA Nouvèl

Yon panèl ekspè Nasyonzini  deklare epidemi kolera a ann Ayiti pran lavi preske 5 mil moun  akoz kontaminasyon Flèv Latibonit la ki pase toupre yon baz fòs mentyen lapè l’ONU yo.

Panèl ki t ap travay pou konnen orijin epidemi an pale de  kondisyon sanitè  nan baz sòlda nepalè yo pa nan nivo ki nesesè  pou anpeche dechè ak matyè fekal al tonbe nan flèv la.

Sepandan panèl la rejte akizasyon ki tonbe sou do sòlda mentyen lapè yo, lè li di  kòz epidemi kolera sa a, ki gen yon souch azyatik, se sa li rele yon “concours de circonstances”, men se pa fòt  yon moun ni se pa yon aksyon kalkile yon gwoup moun.

Sekretè Jeneral l’ONU an Ban Ki-Moon pral gen pou l pase rapò sa a an revi e l ap gen pou l bay pozisyon li sou li.

Panèl la fè rekòmandasyon pou sòlda mentyen lapè ki pral nan rjyonm ki  gen maladi kolera sibi tès medikal e resevwa vaksen. Ekspè yo mande pou yo trete matyè fekal yo  ak pwodwi chimik yon fason pou anpeche maladi kolera a gaye.

Responsab lasante yo ann Ayiti kontinye sansibilize popilasyon an sou danje epidemi kolera a.

Yon korespondans Luckner Laguerre depi vil Jeremi.

Klike sou ikon ki anwo e adwat atik la pou w tande repòtaj Luckner Laguerre.

Fowòm sa a fèmen
Kòmantè
     
Poko gen kòmantè sou fowòm nan. Si ou vle, ou ka tounen premye moun ki kòmante sou li.

 

Swiv nou sou rezo sosyal yo