Accessibility links

Breaking News

Larisi Pare Pou l Apiye Yon Rezolisyon l’ONU sou Siri


Larisi Pare Pou l Apiye Yon Rezolisyon l’ONU sou Siri
Larisi Pare Pou l Apiye Yon Rezolisyon l’ONU sou Siri

Larisi fè konnen li dispose apiye yon rezolisyon Konsèy Sekirite l ONU an ki ta vin kore yon plan lapè anvwaye espesyal Kofi Annan prepare pou Siri. Sepandan minis afè ris la, Sergei Lavrov --ki t ap abòde dosye a madi-- deklare konsèy sekirite a ta fèt pou konsidere rezolisyon an kòm yon baz pou travay Misye Annan ta dwe kontinye fè pou rezoud kriz la, e non pa kòm yon iltimatòm.

Manm Konsyè Sekirite a genyen pou yo rankontre pi ta madi nan New York pou yo fè deba sou yon pwojè-deklarasyon Lafrans prepare e ki mande pou òganizasyon mondyal la pran plis dispozisyon sou kesyon an nan lavni si gouvènman siryen an pa aksepte plan lapè Misye Annan nan.

Plan anvwaye espesyal la mande yon seselfe rapid epi pou gouvènman siryen an kòmanse fè dyalòg avèk rebèl yo.

XS
SM
MD
LG