Accessibility links

Breaking News

La Chin Deklare l ap Kontinye Achte Petwòl nan men Iran


Premye Minis Chinwa a Wen Jiabao
Premye Minis Chinwa a Wen Jiabao

La Chin deklare entèdiksyon Inyon Ewopeyèn mete sou enpòtasyon petwòl Iranyen an pa yon repons konstriktiv nan pwogram zam nikleyè sispèk Teheran an.

Inyon Ewopeyèn nan te anonse mezi dentèdiksyon yo semèn sa a, kèk semèn apre Etazini te anonse yon seri sanksyon ekonomik pou fòse gouvènman Iranyen an abandone pwogram zam nikleyè li a.

Gouvènman chinwa a se yon alye enpòtan Iran e pigwo enpòtatè pwodui petwolye repiblik Islamik la.

Premye Minis Chinwa a Wen Jiabao defannn desizyon peyi l pran pou l achete petwòl iranyen an pandan yon konferans pou la près li bay nan Doha, nan peyi Katar.

XS
SM
MD
LG