Accessibility links

Breaking News

Baskètbòl Pwofesyonèl: Kobe Bryant Di Jwèt la “Byebye”

Kobe Bryant (No. 24, an jonn sitwon) tap tann yon pas pandan yon lòt gwo vedèt NBA a, LeBron James, tap make li nan yon match ki tap dewoule nan Los Angeles nan dat 10 mas 2016 la. (Foto: Danny Moloshok/AP).

Jwè NBA a ki pase preske tout karyè li nan Los Angeles Lakers --nap pale de Kobe Bryant-- jwe dènye match li nan yon karyè ki dure 20 tan, yon match ant ekip li a, Los Angeles Lakers, ak Utha Jazz, ki dewoule nan sware mèkredi 13 avril 2016 la nan Staples Center a nan Los Angeles. Kobe make 60 pwen nan rankont sa a ki fini sou yon skò 101 a 96 an favè Lakers. Apre match la, Kobe di manifestasyon afeksyon fanatiik yo te depase limit e sa te ranpli l ak emosyon.

Kobe Bryant ki tap salye piblik la apre dènye match li jwe nan NBA a. Ekip li a, Los Angeles Lakers, tap jwe ak Utah Jazz mèkredi 13 avril 2016 la.
Kobe Bryant ki tap salye piblik la apre dènye match li jwe nan NBA a. Ekip li a, Los Angeles Lakers, tap jwe ak Utah Jazz mèkredi 13 avril 2016 la.

“Pou m onèt avèk nou, kite m di mwen pa vle kwè jou sa a rive vrèman. Se yon bagay tèlman esktwòdinè, mwen vrèman pa vle kwè sa. Li difisil pou m kwè sa pase konsa vrèman; non, mwen pa ka kwè sa. Mwen toujou nan yon eta de chòk devan tout lapli afeksyon yo vide sou mwen pandan tout sware a. Mwen wè tout ansyen ko-ekipye m yo, tout fanatik yo, tout manm fanmi mwen. Franchman, se yon bagay enkwayab.”

Kobe Bryant te ranpote tit chanpyon NBA a 5 fwa; li se 3èm jwè nan asosyasyon an pou kantite pwen li make (swa 33 mil 643), sa vle di li vini devan Michael Jordan nan chapit sa a. Nan 25 pami rankont li te jwe yo, misye te rive make omwen 50 pwen e gen 6 kote li te make 60 pwen pou pi piti -tankou rankont mèkredi swa a. Match kote li te make plis pwen an, se yon rankont kont Toronto Raptors kote li te make 81 pwen. Sètadi, Kobe Bryant mete fen nan karyè li kòm jwè basketball pandan tout fòs li, tout talen li, tout jeni li, tout foug li, tout jèvrin konpetitif li sou li toujou.

XS
SM
MD
LG