Accessibility links

Breaking News

Vizit San Anons Sekretè Deta John Kerry nan Irak

Sekretè Deta John Kerry (agoch) leve gwo pous li anlè (pozitif) pandan Premye Minis irakyen an, Haidar al-Abadi, tap resevwa li nan palè primati a nan Bagdad, nan jounen vandredi 8 avril 2016 la. (Foto: Jonathan Ernst/Pool Photo via AP).

Sekretè Deta ameriken an, John Kerry, debake nan vil Bagdad nan kad yon vizit ki pat anonse davans. Se premye vwayaj chèf diplomasi amerikèn nan nan Irak depi ane 2014.

Misye Kerry te kite peyi Barhain byen bonè vandredi 8 avril 2016 la pou l ale Bagdad kote lap fè chita-tande avèk otorite peyi a --pami yo genyen Premye Minis la, Haider al-Abadi, ak Premye Minis rejyon Kidistan an, Nechivan Barzani. Pòtpawòl Depatman Deta a, John Kirby:

“Sekretè Deta a pral ensiste sou apui solid Lèzetazini pote bay gouvènman irakyen an pandan li pral abòde kèk dosye enpòtan tankou defi ki poze pou Irak nan domèn sekirite, ekonomi ak politik.”

Misye Kerry pral diskute tou sou apui kowalisyon entènasyonal la pa sispann bay efò lame Irak la ap dirije pou ranpòte laviktwa sou Gwoup Eta Islamik la, dapre sa ki di nan deklarasyon pòtpawòl Kerby a.

XS
SM
MD
LG