Kèk Venezuelyen Montre, Yon Fason Espesyal, Solidarite yo ak Prezidan Hugo Chavez

Prezidan Hugo Chavez
Prezidan Hugo Chavez
Dimansyon Lèt yo - +
VOA Nouvèl

Patizan prezidan Venezuelyen an, Hugo Chavez, kale tèt yo nan yon pwogram televizyon pou yo montre solidarite yo ak Misye Chavez k ap soufri ak yon maladi kansè.

Kwafè kale tèt plizyè gason ak yon fi pou pipiti nan yon emisyon televizyon pandan Prezidan Chavez te rete ap gade.

Prezidan venezuelyen an, ki pèdi tout cheve nan tèt li akoz tretman l ap resevwa pou maladi a, te gen yon souri sou vizaj li e li salye moun ki te devan ekran televizyon yo pou yo swiv emisyon an.

 

Fowòm sa a fèmen
Kòmantè
     
Poko gen kòmantè sou fowòm nan. Si ou vle, ou ka tounen premye moun ki kòmante sou li.

 

Swiv nou sou rezo sosyal yo