Accessibility links

Breaking News

2èm Jou Operasyon Militè Izrayèl kont Gaza


Yon boul dife ap monte nan syèl la apre yon misil Israyelyen tonbe sou yon kan refijye palestinyen nan vil Rafah,Sid teritwa Gaza a, (9 jiyè, 2014.)
Yon boul dife ap monte nan syèl la apre yon misil Israyelyen tonbe sou yon kan refijye palestinyen nan vil Rafah,Sid teritwa Gaza a, (9 jiyè, 2014.)

Omwen 2 douzèn moun mouri nan moman lame israyelyèn nan ap rapouswiv operasyon militè a pou eseye mete yon pwen final nan atak ak wokèt militan Hamas ap tire sou Eta jwif la.

Otorite palestinyen yo di apeprè 23 moun mouri nan atak yo ki te vize plizyè vil atravè tèritwa Gaza a sòt madi pou louvri jodi mèkredi a. Ajans nouvèl Frans Près di plis pase 100 kretyen-vivan sanble ta blese nan atak la.

Izrayèl pa ekate posibilite pou l lanse yon operasyon militè « a tè » pou l rezalize objektif li yo.

Prezidan ameriken an, Barack Obama, deklare nan yon atik ki parèt nan jounal alman Die Zeit « tout moun ki enplike nan konfli a ta dwe aji yon fason «sansib e mezire » olye pou y ap chèche revanj ak zak reprezay. Lidè ameriken an reyafime apui Lèzetazini anfavè solisyon « 2 Eta-a » e l di 2 kan yo dwe prepare yo pou yo aksepte pran risk « anfavè lapè ».

Prezidan palestinyen an, Mahmoud Abbas, nan yon deklarasyon li fè sou chèn televizyon nan fen jounen madi 8 jiyè a, kote li mande aktè entènasyonal yo, tankou 4 kavalye pòlka Mwayen Noryan an ak Konsèy Sekirite L’Onu an pran responsablite yo pou garanti sekirite pèp palestinyen an. Li mande palestinyen yo pou yo pran« pasyans e pou yo rete ini » e’l pwomèt gouvènman an pral fè tout efò li pou l satisfè « nesesite yo ».

Minis defans Israelyen an, Moshe Ya’alon, te deklare madi Eta jwif la pre pou l lanse yon kanpay kont militan Hamas yo nan Gaza « yon kanpay ki pa pral fini nan 2 ou 3 jou ». Kabinè sekirite israelyen an otorize Lame a konvoke 40 mil rezèvis ki dwe vinn pote-kole ak mil 500 li mobilize deja. Lame a fè konnen bonbadman li yo frape plis pase yon santèn sib tankou kay ak sit militan Hamas itilize pou tire wokèt yo.

Isit Washington, pòtpawòl Mezon Blanch Josh Earnest, kondane atak ak wokèt Hamas yo e ‘l deklare Izraeyèl gen dwa defann tèt li.

« Okenn peyi pa kapab aksepte pou wokèt ap tonbe sou popilasyon sivil la…e nou apiye dwa Izrayèl pou l defann tèt li kont atak malonèt sa yo ».

Temwen rapòte yo wè veyikil militè ak tank izrayelyen gonfle toupre fwontyè Gaza a tandiske yon pòtpawòl militè di lame izrayelyen an konvoke plis rezèvis pou yon posib operasyon militè terès.

XS
SM
MD
LG