Accessibility links

Breaking News

Inyon Ewòp la Pran Plis Sanksyon kont Peyi Siri


Inyon Ewòp la Pran Plis Sanksyon kont Peyi Siri
Inyon Ewòp la Pran Plis Sanksyon kont Peyi Siri

Inyon Ewòp la pare pou l enpoze kèk sanksyon tou nèf kont manm fanmi ak pwòch kolaboratè prezidan siryen an, Bashar al-Assad, nan moman nouvo lese-frape eklate tou patou atravè peyi a vandredi 23 mas 2012 la. Minis afè etranjè peyi manm Inyon an ki reyini nan vil Briksèl, nan peyi Bèljik, genyen pou yo enpoze yon entèdiksyon vwayaj sou plizyè manm fanmi Misye al-Assad, epi jele lajan yo genyen nan bank peyi sa yo. Pami pèsonalite ki tonbe anba sanksyon yo genyen madanm prezidan siryen an, ki te pran nesans nan Lagrand Bretay.

Depi kèk tan deja, moun ap fikse plis atansyon sou Madam al-Assad aprè kèk imèl te tonbe anba men jounal britanik The Guardian pou fè konnen manmzèl te ale nan magazen kote li depanse lajan kou moun fou, alòske nivo vyolans la t ap ogmante nan Siri. Moun poko konnen klèman si sanksyon yo pral anpeche Madan al-Assad vwayaje nan Lagrand Bretay. Inyon Ewòp la te deja reyaji devan operasyon sere-boulon rejim Assad la lanse kont pèp siryen an avèk adopsyon yon seri sanksyon ; pami yo genyen yon entèdiksyon ki anpeche peyi-manm yo enpòte petwòl siryen an, ak sanksyon sevè kont bank santral Siri a.

Pandansetan, gwoup dwazimen yo fè konnen 60 moun mouri nan zak vyolans ki dewoule nan Siri nan jounen jedi a, swa yon jou apre Konsèy Sekirite l’ONU an te lanse apèl bay gouvènman siryen an pou mande l antre nan yon dyalòg-pou-lapè ak opozisyon an, jan yon plan anvwaye l’ONU an, Kofi Annan, mande sa a.

Pandan sekretè jeneral òganizasyon mondyal la, Ban Ki-moon, t ap pale nan Malezi jedi, li deklare apèl Konsèy Sekirite a voye yon mesaj klè bay gouvènman siryen an e li reprezante yon chanjman total-kapital nan reyaksyon kominote entènasyonal la devan kriz la nan Siri. Misye Ban di :

"Tout zak vyolans yo fèt pou fini. Epi ta dwe genyen yon negosyasyon politik avèk patisipasyon tout pati konsène yo, pou jwenn yon solisyon pou kriz la; se pou sa fèt yon jan pou satisfè aspirasyon pèp siryen an epi pèmèt gwoup imanitè yo ale ede moun ki bezwen èd yo."

XS
SM
MD
LG