Accessibility links

Breaking News

Kè-Sote Pami Gwo Chabrak Anpil Peyi ki Sere Lajan yo Aletranje pou yo Pa Peye Taks


Se konpayi Monssack Fonseca, nan peyi Panama, ki pibliye nouvèl sou kontanbank aletranje yo. Sou lis pèsonalite konsène yo, genyen Prezidan Vladimir Putin (Larisi) ak foutbolè entènasyonal Lionel Messi (Ajantin).
Se konpayi Monssack Fonseca, nan peyi Panama, ki pibliye nouvèl sou kontanbank aletranje yo. Sou lis pèsonalite konsène yo, genyen Prezidan Vladimir Putin (Larisi) ak foutbolè entènasyonal Lionel Messi (Ajantin).

Moun poko ka wè klè nèt nan tout dimansyon konsekans yon fuit ki sòti bò kote yon konpayi peyi Panama e ki mete deyò kontanbank kèk pèsonalite politik, rich ou selèb genyen nan peyi etranje dekwa pou yo pa peye taks nan pwòp peyi yo. Sepandan, obsèvatè yo atann yo aske plis detay parèt sou dosye sa a nan jou kap vini la yo.

An tou ka, divès gouvènman atravè lemond pran angajman pou yo mennen ankèt sou afè a e yo denonse rapò a kòmkwa se yon atak ki pa fonde. Prezidan panameyen an, Juan Carlos Varela, se youn nan lidè ki leve lavwa pou l pwone transparans; li deklare gouvènman n nan pa gen pyès pwoblèm pou li kolabore ak nenpòt ki ankèt, depi ankèt sa a ap pwoteje sistèm finansye peyi a kont abi.

Will Fitzgibbon, se yon repòtè òganizasyon medyatik Konsòsyòm Entènasyonal Jounalis d'Ankèt --òganizasyon kap mennen ankèt sou dokiman li te resevwa nan men konpayi Mossack Fonseca. Repòtè a pale ak Lavwadlamerik pou l di aktivite ilegal ak imoral ki leve sispisyon, reprezante yon ti minorite zwit pami yon afè de 220 mil konpayi ki nonmen nan dokiman yo.

Sepandan jounalis Fitzgibbon ajoute pou anpil moun ou òganizasyon kap defann tranparans, menmsi se yon ti pousantaj sèlman ki montre pèsonalite politik, rich ou selèb te mele nan zak koripsyon ak kout-lajan anba tab pou yo voye sere fòtin yo nan lòt peyi, sa sifi pou oblije responsab yo pase an revi yon fason sere-sere tout sistèm kote moun mete lajan yo nan bank aletranje.

XS
SM
MD
LG