Accessibility links

Breaking News

Almay, Chanpyon Koup Dimond 2014 la


Alman Mario Goetze (atè a) choute boul ki antre nan filè gadyen ajanten Sergio Romero pandan pwolongasyon final koup dimond la nan stad Maracana nan vil Rio de Janeiro, (13 jiyè, 2014.)
Alman Mario Goetze (atè a) choute boul ki antre nan filè gadyen ajanten Sergio Romero pandan pwolongasyon final koup dimond la nan stad Maracana nan vil Rio de Janeiro, (13 jiyè, 2014.)

Fanatik alman yo pase nwit 13 ak 14 jiyè a ap selebre 4èm tit koup dimond seleksyon yo a ranpòte nan pwolongasyon gras ak yon viktwa 1 a 0 devan Ajantin. Mario Goetze make gòl viktwa a nan 113èm minit rankont la-yon gòl ki te fè kè chanselye alman an, Angela Merkel, ak fanatik yo kontan. Pou anpil spesyalis se yon viktwa lojik menm si ajanten yo rate anpil opòtinite. Dènye fwa Alman yo te ranpòte yon koup di mond se te an 1990 lè peyi a te rele Almay de Lwès.

FIFA renmèt plizyè twofe ak distenksyon : Ajanten Lionel Messi resevwa pri meyè jwè tounwa a devan alman Thomas Mueller ak olandè Arjen Robben. Gadyen alman an, Manuel Neuer, resevwa pri meyè gadyen pou konpetisyon an. Kolonbyen James Rodriguez resevwa pri meyè bitè a ak yon total 6 gòl.

Nan Mondyal 2014 la, jwè yo make yon total 171 gòl pandan 64 rankont, swa 2, 67 gòl par match—yon chif ki egalize rekò koup dimond Frans 1998 la.

Samdi 12 jiyè, La Oland kale Brezil 3 a 0 pou l konsole l ak 3èm plas la.

Apre 4èm tit sa a Alman yo ranpòte a, kontinan ewòpeyen an ap domine koup di mond FIFA a ak yon total 13 tit kont 9 pou Amerik di Sid. Se premye fwa yon peyi ewopeyen ranpòte twofe FIFA a sou kontinan ameriken an.

Reyaksyon :

  • Mario Götze, bitè rankont la pou Almay deklare li pa konnen ki jan pou l dekri emosyon ki tap travèse l apre gol la . Li di li kontan e li fyè dèske li fè pati seleksyon Almay la.
  • Diego Maradona, ki te ranpòte Mondyal la ak Ajantinn an 1986 ap fè ankò aktyalite a . Maradona deklare desizyon FIFA pran pou l bay Messi tit meyè jwè pou Mondyal la, se yon « demarche marketing » Diego ajoute « menm si Messi make 4 gòl e yon pas desisif, li pat detèminan nan viktwa Ajantin yo nan faz eliminasyon an. Lionel Messi, bò kote pa l, pat vle fè twòp kòmantè sou defèt Ajantin nan final la. Li deklare, nou fè tout sa nou te kapab pou ranpòte konpetisyon an, men nou pat reyisi make nan final la. Kounye a se pou nou gade nan direksyon lavni!

Prezidan FIFA Sepp Blatter pral chache yon 6èm manda nan eleksyon yo ki fikse pou Me 2015.

XS
SM
MD
LG