Accessibility links

Breaking News

Yon Aparèy ki Pral Ede Lopital yo Anpeche Pasyan yo Trape Enfeksyon


Yon Aparèy ki Pral Ede Lopital yo Anpeche Pasyan yo Trape Enfeksyon
Yon Aparèy ki Pral Ede Lopital yo Anpeche Pasyan yo Trape Enfeksyon

Òganizasyon Mondyal la Sante fè konnen plizyè santè n milye moun devlope maladi ki menase vi yo chak ane sou planèt la akoz òganis antibyotik rezistan yo pran nan lopital.

Kontaminasyon ki egziste nan lopital yo reprezante yon gwo defi ak gwo depans pou otorite la sante yo. Konpayi Sèvis Sante, Xenex, ki baze nan eta Tekzas posede yon zouti ki gen kapasite touye mikro òganis yo. Aparèy la emèt yon reyon iltra vyolè ki atake selil mikro-òganis yo epi touye yo.

Òganis la pa gen oken chans pou l adapte epi pou l ta gen iminite tankou sa te kapab fèt ak yon sibstans chimik, dapre doktè Mark Stibich, kofondatè Sèvis Sante Xenex la e responsab seksyon syantifik antrepriz la.

Gwo enèji reyon iltra vyolè a aparèy la emèt travèse oganis la jiskaske ADN absòbe l nan donk li vrèman trete òganis la ou byen dezenfekte l jis nan rasin kote mitasyon an ta kapab devlope.

Doktè Stibich di aparèy la sèvi ak yon reyon iltra vyolè espesyal yon teknoloji ki ekziste depi plis pase 30 tan.

Men konpayi Xenex la ale pilwen ak teknoloji a. Aparèy la kapab netwaye yon sal nan kèk minit pou l elimine pifò òganis yo.

Pèson pa pi byen plase pou konprann enpòtans aparèy la ke Brian Cruver chèf ekzekitif antrepriz Xenex Healthcare la ki te malad sa gen kèk ane apre li te finn trete nan yon lopital.

"Mwen te ale lopital la pou swiv yon pwosedi senp ki te byen pase---sa pat anpeche mwen te trape yon enfeksyon nan lopital la."

Cruver pase 2 mwa ap resevwa serum antibyotik jiskaske l geri, men eksperyans la te atire atansyonn sou kriz lopital yo ap fè fas.

Dekouvri enfeksyon nan lopital yo reprezante katrièm kòz lanmò Ozetazini. Enfeksyon nan lopital yo touye plis moun ke SIDA, kansè nan sen ak aksidan otomobil konbine. Xenex se yon ti konpayi. Men Cruver konstate posibilite pou konpayi an vinn pi gran nan moman lopital yo Ozetazini ak lòt peyi dekouvri efikasite aparèy la.

Aparèy Xenex la sibi gwo tès nan meyè lopital pou kansè Ozetazini. Doktè Roy Chemaly k ap travay nan yon sant Tretman pou kansè nan Houston Tekzas di pansyan nan lopital yo toujou vilnerab.

Doktè Chemaly di tès priliminè yo montre aparèy la prèske dezenfekte a san pou san yon sal la ki te kòmanse netwaye men doktè a di li bezwen yon lòt ane pou rezilta a totalman satisfezan.

XS
SM
MD
LG