Accessibility links

Breaking News

Etazini-Prezidansyèl: 4 kandida pou Nominasyon Pati Repibliken an Patisipe nan Dènye Deba yo Anvan Primè Eta Florid la


Newt Gingrich, Mitt Romney, Rick Santorum ak Ron Paul te reponn kesyon yon piblik ki te reyini nan yon oditoryòm nan Jacksonville, nan pati nò Eta Florid
Newt Gingrich, Mitt Romney, Rick Santorum ak Ron Paul te reponn kesyon yon piblik ki te reyini nan yon oditoryòm nan Jacksonville, nan pati nò Eta Florid

Ozetazini, 4 kandida ki rete nan kous pou nominasyon pati repibliken an nan kad kanpay prezidansyèl la, patisipe nan dènye deba yo anvan eleksyon primè Eta Florid la ki pral dewoule madi 31 janvye a.

Newt Gingrich, Mitt Romney, Rick Santorum ak Ron Paul reponn kesyon yon piblik ki te reyini nan yon oditoryòm nan Jacksonville, nan pati nò Eta Florid. Newt Gingrich ak Misye Romney tope kòn yo sou sa ki konsène pozisyon yo sou imigrasyon ilegal. Misye Gingrich akize Misye Romney deske li se yon kandida anti-imigran, poutèt li dispoze fòse tout etranje k ap viv ilegalman Ozetazini -menm gran moun aje yo- sibi depòtasyon e retounen nan peyi yo.

Newt Gingrich deklare:

"Mwen vle kontwole fwontyè a; mwen vle anglè tounen lang ofisyèl gouvènman an; mwen vle nou fè anpil chanjman. Mwen pare pou n aji yon fason djanm e deside. Men mwen pare tou pou m aji yon fason reyalis; paske, an fèt, mwen te travay pou fè pase lwa nan Washington; e m byen konnen pwomès ki pa reyalis pa p pase.

Sepadan mwen kwè tou, si nou aji avèk santiman imen vizavi moun ki nan peyi a depi lontan, nou ka pase lwa ki pral redui ilegalite, kontwole fwontyè a e kreye yon sitiyasyon ki fè moun ki Ozetazini, se moun k ap viv legalman nan peyi a. "

Bò kote pa l, Mitt Romney di deklarasyon Misye Gingrich yo pa gen ekskiz; epi li menm, Romney, li vle etranje k ap antre o Zetazini yo fè sa yon fason ki respekte lalwa.

Misye Romney di:

"Mwen pa anti-imigran. Papa m te fèt o Meksik ; papa madanm mwen te fèt nan Peyi de Gal ; epi, yo vini nan peyi isit. Lide kòmkwa mwen se yon kandida anti-imigran, se yon lide revòltan. Pinga w itilize mo konsa. O kapab di nou pa dakò sou kèk kesyon; men ale jiska di si m fè aplike lalwa amerikèn pou m pwoteje fwontyè n yo, pou m fè etranje antre legalman nan peyi isit, pou m ankouraje imigrasyon legal, di ke tou sa aksyon anti-imigran, se tou senpleman yon diskou ki egzajere, jan nou jwenn sa depi lontan deja nan politik amerikèn nan."

Alòske rete 4 jou pou eleksyon primè Eta Florid la dewoule, sondaj dopinyon yo montre 2 prensipal kandida yo -Newt Gingrich ak Mitt Romney- twouve yo pratikman nan menm nivo nan entansyon de vòt elektè repibliken yo nan eta a.

XS
SM
MD
LG