Accessibility links

Breaking News

Etazini-Eleksyon: 4 Kandida Kontinye ap Chèche Nominasyon Pati Repibliken an


Ron Paul, Rick Santorum, Mitt Romney ak Newt Gingrich
Ron Paul, Rick Santorum, Mitt Romney ak Newt Gingrich

Ozetazini, 4 kandida repibliken ki rete nan kous la te patisipe nan yon deba televize nan eta Arizona, youn nan 2 eta ki pral fè eleksyon primè yo madi 28 fevriye k ap vini an. Pifò deba a te santre sou kesyon domestik.

Aprè preske yon mwa san yon deba repibliken , 4 kandida yo te monte sou podyòm nan nan Mesa nan eta Arizona pou yon deba ki te kouvri yon kantite kesyon pami yo kesyon enpo, depans gouvènman an ak imigrasyon illegal.

Men lè deba a te rive prèske nan fen ni, yo te antre nan politik etranjè e sitou kòman Lèzetazini dwe jere kesyon anbisyon nikleyè Iran an. 3 pami 4 kandida repibliken yo te pran yon pozisyon pa rapò ak Iran e kritike administrasyon Prezidan Barack Obama paske li pa fè ase pou mete presyon sou Teheran pou pwogram nikleyè li a.

Pami yo ansyen senatè Pennsilvani an, Rick Santorum ki devan nan sondaj yo pou pati republiken an ki pale pou l di:

"Lè nou prale kont yon rejim gwo ponyèt danjre konsa ki vle efase eta Izrayèl, ki vle domine mond islamik radikal la e atake gwo “Satan an Lèzetazini” , nou pa fè anyen. Sa se yon prezidan ki dwe ale e nou vle yon lidè ki pral jwe kont yo. Mwen pral fè sa."

Bò kote pa l, kandida Mitt Romney li menm tou te pran yon pozisyon du sou politik Lèzetazini vizavi Iran.

Msye Romney deklare: "Men pa gen anyen nan pwen de vu pa mwen ki osi serye ke echèk , e echèk li pou l fè fas a Iran, pa apropriye. Prezidan an dwe mete an plas sanksyon ki pou kokobe Iran. Li pa fè l."

Deba sa a se dènye deba pou kandida yo anvan primè madi pwochen an nan eta Arizona ak nan Michigan.

XS
SM
MD
LG