Accessibility links

Breaking News

Enstalasyon Komisyon Endepandan Evalyasyon ak Verifikasyon la


 Komisyon Endepandan Evalyasyon ak Verifikasyon Elektoral la
Komisyon Endepandan Evalyasyon ak Verifikasyon Elektoral la

Prezidan pwovizwa ayisyen an, Jocelerme Privert, enstale jedi apremidi Komisyon Endepandan Evalyasyon ak Verifikasyon elektoral la. Nan yon seremoni ki dewoule nan Palè Nasyonal la, nan Pòtoprens, misye Privet envesti Komisyon an ki genyen 30 jou pou l fè limyè sou eleksyon 9 out ak 25 oktòb ane pase yo (lejislativ, senatoryal e prezidansyèl) jan pati politik opozisyon an ak òganizasyon dwazimen yo t ap reklame li a.
Devlopman sa a rive nan menm moman 2 prensipal diplomat Lèzetazini, anbasadè ameriken Peter Mulrean ak Koòdanatè Espesyal Pou Ayiti Depatman Deta a, anbasadè Kenneth Merten, te p fè yon vizit nan Palman an. Objektif vizit de gwo pèsonalite yo, kèk èd'tan anvan enstalasyon Komisyon se te "chèche konnen kijan pwosesis elektoral la ap vanse".
Anva vizit yo a, misye Mulrean ak misye Merten te di yo espere Konsèy Elektoral la va pran an konsiderasyon rekòmandasyon teknik premye Komisyon ansyen prezidan Michel Martelly te mete sou pye nan koumansman ane a.
Prezidan Chanm Depite a, Cholzer Chancy, di Lavwadlamerik misye prezidan Privert dwe pibliye kalandriye elektoral la anvan dat 14 me, onsnon Palman an pra l vote kont li apre dat limit sa a.
Pou plis presizyon sou konpozisyon Komisyon Endepandan Evalyasyon ak Verifikasyon Elektoral la, fè yon klik sou fichye ki anba atik sa a pou n koute repòtaj korespondan nou Orpha Dessources depi Pòtoprens.

Repòtaj Orpha Dessources sou Komisyon Endepandan Evalyasyon ak Verifikasyon Elektoral la
please wait

No media source currently available

0:00 0:02:10 0:00


XS
SM
MD
LG