Accessibility links

Breaking News

Etazini-Prezidansyèl: Eleksyon Primè nan Eta Wisconsin. Yon Tounan Enpòtan pou Tou Lè 2 Pati yo


4 kandida a la prezidans Ozetazini (sòti anlè, agoch, ale nan sans zegui yon mont): Ted Cruz (R), Hillary Clinton (D), Bernie Sanders (D) ak Donald Trump (R).
4 kandida a la prezidans Ozetazini (sòti anlè, agoch, ale nan sans zegui yon mont): Ted Cruz (R), Hillary Clinton (D), Bernie Sanders (D) ak Donald Trump (R).

Ozetazini, lidè pati repibliken an ap fè efò pou yo bloke pwogrè kandida a la prezidans Donald Trump nan kous pou nominasyon pati a nan moman kanpay la rive nan yon pwen trè zenpòtan kote eleksyon primè ap dewoule nan Eta Wisconsin madi 5 avril 2016 la.

Kandidate Donald Trump tap bay otograf li pandan yon meeting de mas ki tap dewoule nan vil La Crosse, nan Eta Wisconsin, lendi 4 avril 2016.
Kandidate Donald Trump tap bay otograf li pandan yon meeting de mas ki tap dewoule nan vil La Crosse, nan Eta Wisconsin, lendi 4 avril 2016.

Dènye sondaj yo montre youn nan rival misye Trump yo --an palan de Senatè Eta Tegzas la, Ted Cruz-- ap mennen devan li nan Wisconsin; yon viktwa Cruz madi kapab ranfòse chans pou gen divizyon pami delege yo lè yo vap òganize konvansyon pati a nan mwa jiyè pwochen.

Bò kote pati demokrat la, eleksyon primè Wisconsin nan reprezante yon tès pou kandida ki devan nan kous la, ansyèn Premyè Dam ak Sekretè Deta Hillary Clinton ki vini an 2èm pozisyon dèyè rival li a, Senatè Eta Vermont la, Bernie Sanders, nan dènye sondaj dopinyon yo. Sepandan, madam Clinton kontinye ap mennen devan Sanders nan kantite delege yo deja ranmase.

Men klasman kandida yo jiskaprezan selon kantite delege yo genyen:

Nan kan repibliken an:

Donald Trump: 737 delege;- Ted Cruz: 475 delege;- John Kasich: 143 delege.

Fòk yon kandida repibliken jwenn mil 237 delege pou li ranpòte nominasyon an.

Bò kote demokrat yo:

Hillary Clinton gen mil 712 delege;- Bernie Sanders ranmase mil 11 delege.

Yon kandida demokrat bezwen 2 mil 383 delege pou l ranpòte nominasyon pati a.

XS
SM
MD
LG