Accessibility links

Breaking News

Diskou Prezidan Martelly Sou Demisyon Premye Minis Garry Conille la


Aprè Premye Minis ayisyen an remèt lèt demisyon l bay Prezidan Michel Martelly vandredi 24 fevriye 2012 la, prezidan an prezante yon diskou pou l reasire nasyon an.

Prezidan an pale poul di li aksepte lèt demisyon Premye minis la men li regrèt se nan moman sa a li deside demisyone. Prezidan an itilize tèm kanaval la pou l di nan moman kote peyi a ap "Dekole".

Prezidan Martelly fè konnen li pran kontak ak 2 chanm yo e li gentan ap fè efò poul chwazi yon nouvo premye minis.

Mesaj Prezidan Martelly a:

"Pèp ayisyen,

Maten an Premye Minis Garry Conille prezante m lèt demisyon l e mwen aksepte li . Map pwofite remesye li pou engajman li te pran. Se vre mwen regrèt se nan moman ke peyi a ap dekole sa rive.

Men rete poze. Mwen deja pran kontak ak prezidan 2 chanm yo ki yo menm tou, te resevwa yon kopi de lèt la. Nou pran angajman pou nou chita prese prese, pou mwen pwopoze yon nouvo Premye Minis.

Tout patnè nasyonal ak entènasyonal kap fè jefò pou envesti, kap kreye djòb, map mande yo pou rete tèt frèt. Nou gen tan pran tout dispozisyon pou leta kontinye travay nòmalman .
Ekzekitif la ak palman ki deja ap travay pou soude bonjan relasyon, kòm sa dwa, pral degaje yo, rapido presto, pou tout bagay rantre nan plas yo.

Nou konnen ke nou mèt konte sou mwen, menm jan mwen konte sou nou.

Mwen te fè nou pwomès. Pwomès se dèt. Wè pa wè Viktwa a se pou pèp la !

Mèsi."

Klike sou lyen ki nan kòmansman atik la pou w koute Diskou Prezidan Michel Martelly a

XS
SM
MD
LG