madi 25 novanm 2014, 22:56 EDT

Nouvèl / Lèzetazini

Diskou Prestasyon Sèman 44e Prezidan Lèzetazini an: Barack Obama

Prezidan Barack Obama k ap delivre mesaj li pou nasyon amerikèn nan pandan 57e seremoni prestasyon sèman yon prezidan eli lendi 21 janvye 2013 la devan lokal Palman Etazini an nan Washington, DCPrezidan Barack Obama k ap delivre mesaj li pou nasyon amerikèn nan pandan 57e seremoni prestasyon sèman yon prezidan eli lendi 21 janvye 2013 la devan lokal Palman Etazini an nan Washington, DC
x
Prezidan Barack Obama k ap delivre mesaj li pou nasyon amerikèn nan pandan 57e seremoni prestasyon sèman yon prezidan eli lendi 21 janvye 2013 la devan lokal Palman Etazini an nan Washington, DC
Prezidan Barack Obama k ap delivre mesaj li pou nasyon amerikèn nan pandan 57e seremoni prestasyon sèman yon prezidan eli lendi 21 janvye 2013 la devan lokal Palman Etazini an nan Washington, DC
Visprezidan Biden, Mesye Le Prezidan Kousiprèm nan, Manm Kongrè Lèzetazini an, Distenge envite, Chè konpatriyòt mwen yo.

Chak fwa nou rasanble pou n enstale yon nouvo prezidan, nou se temwen fòs konstitisyon nou an. Nou afime pwomès demokrasi nou an. Nou raple sa ki kenbe nasyon sa a ansanm se pa koulè po nou ni prensip lafwa nou ni orijin non nou.
 
Sa k fè n eksepsyonèl, sa k fè n Ameriken se alejans nou ak yon ideyal ki eksprime nan yon pwoklamasyon ki gen plis pase 200 zan. « Nou kwè verite sa yo evidan nan fodalnatal yo, ke tout kretyen-vivan pran nesans egal ego, granmèt la bay yo yon seri dwa pèsonn pa ka refize yo--pami dwa sa yo, dwa pou yo viv, pou yo lib e pou yo chèche bonè yo ».
 
Jodi a, n ap kontinye vwayaj san fen an, pou n konnekte mo sa yo ak reyalite tan nap viv la a. Sepandan, listwa montre n menm lè verite sa yo klè, yo pa janm finn aplike kòmsadwa, ke menm lè libète se yon kado Bondye, se pèp Bondye a sou latè ki dwe pwoteje l sou tè a.
 
Patriyòt 1776 yo pat goumen pou ranplase tirani pa yon Wa plen privilèj pou yon ti gwoup ni pa pouvwa yon popilas. Yo ba nou yon Repiblik, youn gouvènman pèp, pa pèp la e pou pèp la, e yo konfye chak jenerasyon misyon pwoteje kwayans ki te debouche sou fondasyon nasyon nou an.

Pandan plis pase 200 zan nou te fè ekzateman sa.
 
Atravè san kout raso pwovoke ak san epe fè koule, nou aprann ke pa gen inyon ki chita sou prensip libète ak egalite ki ka siviv lè mwatye populasyon li mwatye esklav, mwatye lib. Nou te rejenere tèt nou yon lòt fwa ankò e pran angajman pou’n avanse ansanm.
 
Ansanm, nou detèmine ke yon ekonomi modèn egzije chemend’fè, otowout pou deplasman rapid ak komès, lekòl ak inivèsite pou fòme travayè nou yo.
 
Ansanm, nou dekouvri yon ekonomi mache lib ka pwospere sèlman lè gen règleman ki asire konpetisyon ak respè règ jwèt.
 
Ansanm, nou deside « yon gran nason dwe okipe l moun ki pi frajil nan sosyete a e pwoteje sitwayen l yo kont pi move danje ak aleya lavi a ».
 
Atravè tout moman sa yo, nou pa janm kite « dout okipe plas santral la nan tèt nou, ni nou pa kite fiksyon kòmkwa gouvènman poukont li kapab geri tout maladi ak malè sosyete a. Selebrasyon espri inisyativ ak espri antrepriz, ensistans nou sou travay di ak responsabilite pèsonèl, se karaktè, se mak fabrik nou.
 
Men nou toujou konprann lè tan an chanje nou dwe chanje ak tan an ; nou konprann fidelite n nan prensip ki te fonde nasyon nou an reklame nouvo repons pou nouvo defi yo; nou konprann ke prezève libète endividyèl nou egzije finalman aksyon tout pitit peyi a. Paske pèp ameriken an pa kapab reponn ankò egzijans mond jodi a pou kont li pa plis ke sòlda ameriken yo te konbat fòs fachism ak fòs kominism yo ak kout fizi e ak milis sèlman.

Yon grenn moun pa kapab fòme tout pwofesè matematik ak pwofesè syans nou bezwen pou enstwi timoun nou yo pou lavni, ni yon grenn moun pa kapab konstwi  wout, rezo kominikasyon ak laboratwa rechèch ki pral kreye nouvo djòb ak nouvo antrepriz nan peyi a.
 
Jounen jodi a, e plis pase anvan, nou dwe reyalize bagay sa yo ansanm, antake yon nasyon, antanke yon sèl pèp.
Jenerasyon Ameriken sa a pase e sibi deja tès anpil kriz ki ranfòse detèminasyon nou e pwouve karaktè redonn nou.

Yon dizèn lane lagè kounye a ap rive nan bout li. Repriz ekonomik la tanmen. Posiblite yo pou Lèzetazini san limit, nou posede tout kalifikasyon mond san fwontyè sa a egzije: jenès ak dynamism, divèsite ak lespri ouvèti, yon kapasite san limit pou n pran risk e yon don pou reevante tèt nou.
 
Konpatriyòt ameriken mwen yo, moman sa a se moman nou e nou pral poze men sou li–toutotan nou fè sa ansanm.
 
Nou menm pèp la, nou konprann peyi nou an pa kapab reyisi lè yon ti group kap vinn pi zuit chak jou pi plis ap byen mennen e yon bann ak yon pakèt lòt ap bat dlo pou fè bè. Nou kwè pwosperite Lèzetazini chita sou zepòl laj yon klas mwayèn kap fè pwogrè.
 
Nou konnen Lèzetazini epanwi, reyisi lè chak moun ka jwenn endepandans ak fyète l nan travay li; lè salè yon travay onèt libere pè ak mèd’fanmi yo anba difikilte.
 
Nou rete konsekan ak kwayans nou lè yon tifiyèt ki pran nesans nan mizè pi nwa a konnen li gen menm chans ak tout moun pou l reyisi–paske li se yon sitwayen Ameriken–lib e egal-ego, pa sèlman nan je Bondye, men nan je nou tout, konpatriyòt li.

Nou konprann pwogram nou yo ki depase pa kapab reponn kòmsadwa nesesite tan nap viv la. Nou dwe eksplwate nouvo lide e envante nouvo teknoloji pou readapte gouvènman nou an, refòme kòd fiskal la, lekòl nou yo e bay sitwayen yo mwayen ak kalifikasyon yo bezwen pou yo travay du, aprann plis pou yo pouse pou pi devan.
 
Men pandan mwayen yo ap chanje, objektif nou yo rete menm : yon nasyon ki rekonpanse efò ak detèminasyon chak sitwayen ameriken. Se sa moman sa a egzije. Se sa ki pral bay kredo nou an vrè sans li.
 
Nou menm, pèp la, kontinye kwè chak sitwayen merite yon  minimòm sekirite ak diyite. Nou dwe fè chwa difisil ant redui pri asirans sante a ak dimansyon defisi nou. Men nou dwe rejte kwayans ki fè konprann kòmkwa Lèzetazini dwe chwazi ant pran swen jenerasyon ki te bati peyi sa a ak envesti nan jenerasyon ki pral bati avni li.
 
Nou sonje leson nou tire nan pase nou, lè ane apre ane nan malsite paran yon ti moun ki andikape pat genyen okenn pòt pou yo frape. Nou pa kwè nan peyi sa a, libète se yon bagay ki rezève pou sila ki gen chans oubyen bonè se privilèj yon ti gwoup.
 
Nou rekonèt ke kèlkeswa jan nou viv lavi yon fason responsab a nenpòt ki moman, nenpòt moun kapab twouve l yon jou san travay oubyen tonbe malad sibitman oubyen wè yon move tan kraze e pati ak kay li. Angajman nou pran vizavi youn lòt–atravè swen medikal (pou granmoun aje ak moun ki pa gen mwayen yo) ak Sekirite Sosyal la– pwogram sa yo pa minnen demach nou, okontrè yo ranfòse nou. Yo pa fè nou pase pou yon nasyon kote genyen yon gwoup moun kap « pran », yo libere nou pou’n kapab pran chans, pran risk ki fè peyi sa a yon gwo peyi.
 
Nou menm pèp la, nou toujou kwè obligasyon n antanke Ameriken se pa sèlman vizavi pwosperite nou, men vizavi pwosperite nou tout. Nou pral reponn menas chanjman klimatik la, paske nou konnen si n pa fè l se pral yon trayizon pou pitit nou e yon trayizon pou pwochen jenerasyon an. Zòt ka toujou demanti konklizyon akablan lasyans tire, men pèsonn pa ka evite konsekans efrayik ensandi, sechrès san pitye ak move tan pi pisan kap pran nesans yo.

Chimen nan direksyon sous enèji dirab la se pral yon chimen long e pafwa difisil e maleze. Men Lèzetazini pa kapab evite tranzisyon sa a; nou dwe pran tèt li, okontrè.
Nou pa kapab kite lòt nasyon devlope teknoloji ki pral kreye nouvo djòb ak nouvo endistri yo: nou dwe sezi pwomès nouvo teknoloji yo. Se konsa nou pral konsève vitalite ekonomik nou ak trezò nasyonal nou yo; forè ak rak bwa nou yo, rivyè ak flèv nou yo, tè jaden n yo ak tèt mòn chaje nèj nou yo. Se konsa nou pral pwoteje planèt nou an ke Bondye mande’n pran swen an. Se sa ki pral bay fwa pè fondatè nou yo te deklare a sans.
 
Nou, pèp la nou kontinye kwè sekirite ak yon lapè manch long pa egzije pou tout tan nap fè lagè. Gason ak fanm vanyan ki pote inifòm lame amerikèn nan, ki tampe nan flanm konba, pa gen parèy sou plan eksperyans ak kouraj. Sitwayen nou yo ki genyen grave nan lespri yo souvni sila ki tonbe nan lagè yo, konnen twò byen ki pri yo peye pou libète. Rekonèt sakrifis yo pral kenbe nou veyatif pou tout tan gen tan kont sila yo ki ta vle fè n « mal ». Men nou se eritye sila yo ki te ranpòte lapè e pa sèlman lagè a, ki te chanje lennmi jire nou yo an pi bon zanmi nou e nou dwe kenbe nan tèt nou leson sa yo tou nan moman nap viv la a.

Nap defann pèp nou an e kenbe tout prensip ki enpòtan pou nou, gras ak fòs zam nou ak eta de dwa ki egziste lakay nou. Nap montre kijan nou vanyan, kote nou eseye rezoud mezantant nou genyen ak lòt nasyon pasifikman–non pa paske nou nayif konsènan danje ki devan nou, men paske dyalòg ka wetire pandan pi lontan mefyans ak laperèz.

Etazini ap rete poto mitan pou yon alyans solid nan tout kwen mond la; e nap renouvle enstitisyon ki ogmante kapasite nou genyen pou n jere kriz nan lòt peyi, puiske okenn peyi pa gen plis enterè nan yon mond pezib pase peyi ki pi puisan sou planèt la. Nap sipòte demokrasi, soti nan Azi pou rive sou kontinan afriken an; soti nan Amerik yo pou rive nan Mwayen Noryan an, paske enterè ak konsyans nou egzije pou nou aji  nan non sila yo ki swaf libète.

E nou dwe reprezante yon sous espwa pou moun ki pòv, moun ki malad, moun yo lasosyete mete a kote, moun ki victim anba prejije, non pa paske nou gen charite tou senpleman, men paske lapè nan tan nap viv la mande pou n toujou kontinue bay prensip sa yo jarèt ke kwayans komen nou dekri a, ki se: tolerans ak opòtinite; diyite umèn ak jistis.

Nou menm pèp la deklare jodi a ke verite ki parèt pi klè devan je nou an–sèke tout moun fèt egal ego–se zetwal ki kontinye ap gide nou an; menm jan li te gide zansèt nou yo, soti nan Chit dlo Seneca yo, nan Selma ak nan Stonewall; menm jan li te gide tout gason ak fanm listwa rekonèt ak lòt li pa rekonèt e ki kite tras yo sou bèl plas Mall la, lè yo te vin tande yon predikatè ki tap preche pou di: nou pa ka mache pou kont nou; pou yo te vin tande yon Wa ki tap pwoklame libète chak sitwayen makònen byen makònen ak libète chak nanm kap sikile sou planèt tè a.

Se travay jenerasyon pa nou an pou n kontinye lit pyonye nou yo te tanmen an. Fòk nou konprann gran vwayaj nou an pap rive nan bout li toutotan madanm nou, manman nou, ak pitit fi nou yo pa ka benefisye sa yo merite pou travay yap fè a.
Gran vwayaj nou an pap bout toutotan frè ak sè omoseksyèl nou yo pa jwenn menm tretman ak tout lòt moun devan lalwa, puiske si yo vrèman pran nesans egal ego ak nou, se sèten ke amou ki uni nou youn anvè lòt la dwe egal ego tou.

Gran vwayaj nou an pap bout toutotan nou pa rive nan pwen kote okenn sitwayen pa oblije tann plizyè èdtan pou l ekzèse dwa l pou l vote. Gran vwayaj nou an pap bout toutotan nou pa jwenn yon meyè mwayen pou n akeyi imigran kap goumen, kap viv ak espwa, ki kontinye wè Etazini kòm yon tè opòtinite; toutotan nou pa wè jèn etidyan ak jèn enjenyè antre sou mache travay nou an olye nou mete yo deyò nan peyi nou an.

Gran vwayaj nou an pa fini toutotan tout timoun nou yo, soti nan lari vil Detroit pou rive nan mòn Apalach yo mete ak lari silansyeu vil Newtown yo, toutotan yo pa konnen gen moun kap pran swen yo, e ki renmen yo, e ke yap toujou viv an sekirite anfas danje.

Se travay jenerasyon nou an  poun fè pawol sa yo, dwa sa yo, eleman sa yo ki enpòtan pou nou – Lavi, Libète, ak demach pou jwenn Bonè-a – pou n rann yo reyèl pou tout Ameriken. Pou n viv selon dokiman ki lye ak fondasyon nasyon nou an, nou pa oblije tonbe dakò youn ak lòt nan chak etap lavi a; sa pa vle di ke nou tout dwe defini libète ekzakteman menm jan, oubyen ke nap rapousuiv ekzakteman menm wout la alarechèch bonè nou. Pwogrè pa oblije nou jwenn yon solusyon nan deba kap fèt depi lontan sou wòl gouvènman ta dwe jwe tout tan–men li mande pou nou mache sou tras epòk nap viv la.

Lè a rive pou n pran kèk desizyon "la pou la", e nou pa ka kontinue ap trennen pye nou sou kesyon an. Nou pa ka konfonn absolutism ak prensip lwa pèsonèl nou enpoze sou tout moun, ni fè espektak e rele sa politik, ni bay moun non pote epi konsidere sa kòm yon deba ki chita sou rezonnman.

Nou dwe aji, lè n konnen travay nou pa pral yon travay ki pafè. Nou dwe aji, lè n konnen ke viktwa nou yo jounen jodi a se sèlman yon pati nan travay la, e ke sa pral depann de moun ki pral kanpe isit la nan 4 lane, nan 40 lane, oubyen nan 400 lane, nan entansyon pou mentni lespri ki pap janm vyeyi, ke zansèt yo te pase ba nou nan yon sal vil Philadelphi.

Konpatriyot Ameriken, sèman mwen fè devan nou la a jodi a, tankou sa a lòt te resite anvan yo te sèvi nan Capitol la, sete yon sèman devan Bondye ak devan peyi a, pa devan yon pati politik oubyen yon gwoup – e nou dwe egzekite fidèlman sèman sa a pandan tout dire sèvis nou an.

Men pawòl mwen pwononse devan nou la a jodi a pa diferan ak sèman ke yon solda fè chak fwa li siyen pou l enskri nan lame, oubyen yon imigran fè lè l reyalize rèv li. Sèman mwen an pa diferan ak angajman nou pran devan drapo kap flote anlè a, e ki plen kè nou ak fyète. Sa yo, se pawòl sitwayen pwononse, e yo reprezante pi gwo espwa nou.

Nou menm ak mwen menm, antanke sitwayen, nou genyen pouvwa pou n trase chemen peyi a dwe gen pou l suiv.

Nou menm avèk mwen gen obligasyon poun fòje deba ki gen rapò ak epòk nap viv la, non sèlman ak bilten nou lage nan eleksyon, men tou ak vwa nou leve pou n defann prensip ki pi ansyen Ozetazini ak ideyal solid nou yo .
 
An nou tout anbrase kounye a, ak yon espri solanèl e ak yon kokenn kè kontan, dwa nou genyen depi nou te pran nesans e kap toujou egziste. An nou reponn ak pasyon, devosyon, atravè yon efò e yon ebjektif komen, apèl listwa kap rele nou dekwa poun transpòte nan yon avni ensèten limyè presye libète a.

Mèsi, Ke Bondye beni nou e ke Bondye beni Etazini Damerik pou tout tan gen tan.

Swiv nou sou rezo sosyal yo