Accessibility links

Breaking News

O Brezil: Vòt nan Chanm Bas la an Favè Jijman Prezidan Dilma Rousseff.


Prezidan Dilma Rousseff ki tap pale pandan yon rankont nan palè nasyonal la (Palè Prezidansyèl Planalto) nan Brasilia, kapital Brazil
Prezidan Dilma Rousseff ki tap pale pandan yon rankont nan palè nasyonal la (Palè Prezidansyèl Planalto) nan Brasilia, kapital Brazil

O Brezil, manm palman an vote pou apiye yon mosyon ki mande jije prezidan Dilma Rousseff ak posiblite pou yo revoke li. Vrèmanvre, se ak yon gwo lapli bravo ak ekspresyon lajwa manm Chanm Depite a te reyaji lè patizan mouvman anti-Rousseff yo te rive jwenn 342 vwa ki te nesesè pou yo voye mosyon an devan sena a ki va anvizaje si wi ou non li dwe fè jijman Madam Rousseff.

Manm kowalisyon ki sou pouvwa a denonse vòt sa a kòm yon tantativ koudeta. Youn nan palmantè sa yo se Jean Wyllys ki di:

“Dabò, mwen santi m jennen deske m patisipe nan maskarad sa a, yon eleksyon endirèk ki gen nan tèt li yon volè e yon trèt ak yon bann trèt parèy li, yon konspiratè ki jwenn apui bouwo kap kraze zo moun, yon bann lach ki annalfabèt nan zafè politik. Se yo k mete maskarad seksis sa a sou pye. Nan non tout kouch sosyal pòv yo, tout segman defavorize nan peyi a, mwen vote pou m di: Non; kou sa a pap pase. E se ak lide sa a nan tèt mwen, ke m pral dòmi... bann voryen!”

Yon manm yon gwoup ki tap manifeste kontantman yo apre vòt la, Luiz Noguiera, di li byen kontan rezilta sa a.

“Mwen kwè rezilta a te previzib, paske nou pase lontan ap travay ak espwa gen bagay ki merite chanje. E apati jodi a se chanjman ki pral fèt san rete.”

Gouvènman Russeff la te gen patizan pa l tou nan lari a. Youn nan yo sete Sandro Erguiera ki deklare:

“Pèsonn nan nou pa pral kite batay la. Pèsonn. Nou pap kite lit la. Batay la pral kontinye pa nenpòt ki mwayen kap nesesè; E Brezil pral kontinye chanje, li pral kontinye amelyore avèk nou.”

Prezidan Rousseff tonbe anba akizasyon deske li te mele nan konplo pou l kache yon defisi nan bibjè ane 2014 la, yon fason pou l te ogmante chans pou l te reeli -akizasyon li demanti ak tout fòs. Si sena a dakò pou l òganize seyans sou afè a, Dilma Rousseff -ki genyen 68 tan- kapab pèdi pouvwa a e palman an ka ranplase l pa Vis Prezidan an, Michael Temer. Prezidan Rousseff pa mete dlo nan bouch li pou l di Vis Prezidan Temer se yon patisipan aktif nan mouvman ki sou pye pou wete l sou pouvwa a.

XS
SM
MD
LG