Accessibility links

Breaking News

Prezidan B.Obama Estime Li Kenbe Pwomès Li Te Fè Pèp Ameriken an


Misye Obama pandan lap delivre mesaj li mete chak samdi devan pèp ameriken an
Misye Obama pandan lap delivre mesaj li mete chak samdi devan pèp ameriken an
Prezidan ameriken an, Barack Obama, di li kenbe pwomès li te fè pèp ameriken pou’l chanje kòd fiskal Etazini an li di ki nan avantaj moun rich yo olye klas mwayèn nan.

Nan mesaj li voye chak semèn pou sitwayen yo, misye Obama chante lwanj pou akò bi-patizan li jwenn sou bidjè a nan semèn nan ak palmantè yo–yon akò ki ogmante pou lapremyè fwa depi 20 tan taks sou sitwayen ki pi rich yo ki reprezante 2 pousan popilasyon amerikèn nan.

Lidè ameriken an di desizyon sa a anpeche klas mwayèn nan sibi yon ogmantasyon nan lajan taks lap peye, yon sitiasyon ki ta kapab lage ekonomi an nan resesyon.

Men misye Obama di gouvènman an dwe fè plis pou’l kreye travay nan peyi a e mete Lèzetazini sou chimen pou’l peye dèt li.

Prezidan an di li kwè rediksyon depans ka fèt san yo pa bezwen koupe sou pwogram edikasyon, fòmasyon pwofesyonèl, rechèch ak teknoloji-pwogram li kalifye kòm “enpòtan” pou pwosperite nasyon an.

Nan repons Pati Repibliken an, depite David Camp; lanse apèl bay kòlèg lejislatè l yo pou yo idantifye kèk mwayen responsab pou yo rezoud sa li rele “depans gaspiyaj Washington yo”.
XS
SM
MD
LG