Accessibility links

Breaking News

Ayiti Eleksyon BCEN Mande Ekate Echantiyon Tout Pwose Vebal Konteste yo


Biwo Kontansye Elektoral Nasyonal la (BCEN) mande sant tabilasyon an mete sou kote tout echantiyon pwosè vèbal ki reflete iregilarite nan eleksyon 25 oktòb pase a. BCEN nan pran desizyon sa a apre 2 kandida te pote plent pou fè konnen yo menm ak kèk obsèvatè nasyonal te konstate anpil ka fwod nan eleksyon yo apre yo te fin verifye yon echantiyon pwosè vèbal samdi 21 novanm nan nan sant tabilasyon an.

Dirijan Rezo Nasyonal Defans Dwamoun Ayisyen an (RNDDH), Pierre Espérance, fè konnen li kwè li nesesè pou yon komisyon endepandan re-evalye tout pwosè vèbal yo. Misye Espéranc e pale konsa nan moman yon manm konsèy elektoral la fè Lavwadlamerik konnen rezilta definitif yo kapab parèt apre KEP a va fin tande rapò responsab sant tabilasyon an k ap gen pou di si wi ou non pwosè vèbal konteste yo kapab afekte rezilta eleksyon yo.

Nouvèl Ayiti pou madi 24 novanm 2015 la

Yon lòt kote, kowòdonatè espesyal Depatman Deta ameriken an pou Ayiti, Anbasadè Kenneth Merten, ki tap patisipe nan yon fowòm politik sou Ayiti nan Inivèsite George Washington lendi 23 novanm nan, ankouraje kandida ayisyen yo yon fwa ankò, pou yo swiv mwayen lwa elektoral la mete a la dispozisyon yo pou yo chache jwenn repons pou kesyon ki gen rapò ak eleksyon yo.

Kandida ala prezidans sou banyè PHTK a, Jovenel Moise, fè konnen li gen konfyans rezilta definif premye tou eleksyon 25 oktòb pase a ap an favè li. Misye Moise, ki okipe premyè pozisyon nan rezilta preliminè yo, mande patizan l yo "rete tèt frèt". Kandida pati ki sou pouvwa a fè deklarasyon sa a nan moman opozisyon an anonse yon lòt jounen manifestasyon pou jounen madi 24 novanm nan pou mande demisyon prezidan KEP a, Pierre Louis Opont, ak fòmasyon yon komisyon endepandan pou verifye pwosè vèbal yo.

Anfen, kowòdonatè Komisyon Nasyonal Lit kont Dwòg la, CONALD, doktè Martino Guerrier, lanse yon kanpay sansibilizasyon kont itilizasyon dwòg pami elèv yo. Daprè Doktè Martino Guerrier, Leta ayisyen ap finanse pwogram nan pou yon montan 6 milyon goud.

XS
SM
MD
LG