Accessibility links

Breaking News

Ayisyen Ozetazini Mande L'ONU Dedomajman pou Viktim Kolera yo ann Ayiti


Ayisyen k ap pwoteste kont Minustah
Ayisyen k ap pwoteste kont Minustah

Yon gwoup k ap defann dwa moun fè reklamasyon nan Nasyonzini pou l chache dedomajman nan non plis pase 5 mil Ayisyen ki ta viktim maladi kolera a. Epidemi deja touye plizyè milye moun nan peyi a.

Petisyon an ki pote siyati Enstiti pou Jistis ak Demokrasi ann Ayiti, yon gwoup ki baze Ozetazini, fè konnen l ONU ak fòs lapè li a pote responsablite pou plizyè santèn milyon dola , poutèt li pa t byen teste sòlda ki soti nan peyi ki gen epidemi kolera.

Akizatè yo fè konnen se fòt òganizasyon an tou poutèt li te dechaje nan yon larivyè ki tonbe nan Latibonit anpil dechè ki soti nan youn nan baz li yo.

Gen ekspè ki jwenn wout kote epidemi kolera ann Ayiti a soti, e yo jwenn li soti nan peyi Nepal. Yon gwoup ekspè l ONU jwenn ke sanitasyon nan baz twoup nepalè yo pat sifi pou anpeche matyè fekal kontamine flèv la.

Otorite lasante yo ann Ayiti fè konnen kolera touye plis pase 6500 Ayisyen e lakoz prèske 500mil lòt tonbe malad depi lè epidemi an te tanmen, sa a gen plis pase yon lane.

Nan yon deklarasyon ki parèt jodi a, Enstiti a fè konnen Ayisyen ki depoze plent yo se swa viktim maladi a oubyen fanmi viktim yo.

XS
SM
MD
LG