Accessibility links

Breaking News

Pwosè Ansyen Kòmandan Lame Bosnyal-Sèb Ratko Mladic, Kòmanse nan vil Lahè

Ansyen kòmandan militè Sèb-Bosnyak, Jeneral Ratko Mladic, nan yon tribinal nan vil Lahè, La Oland, 16 me 2012.
Ansyen kòmandan militè Sèb-Bosnyak, Jeneral Ratko Mladic, nan yon tribinal nan vil Lahè, La Oland, 16 me 2012.

Pwosè ansyen kòmandan Lame bosnyak-sèb la, jeneral Ratko Mladic, tanmen nan yon tribinal Nasyon Zini nan vil Lahè, nan peyi La Oland, 20 tan aprè lagè bosnyak la te kòmanse. Avoka akizasyon an, Mèt Dermot Groome, pale mèkredi 16 me 2012 la pou l di objektif chèf lame bosnyak la sete elimine tout moun ki pat sòti nan ras sèb la e ki tap viv nan Bosni-Ezegovin. Jeneral Mladic genyen pou l reponn 11 chèf akizasyon -pami yo genyen asasina pa bann e pa pakèt, krim lagè avèk krim kont limanite.
This item is part of
XS
SM
MD
LG