Accessibility links

Breaking News

Ayiti-Politik: Prezidan Privert Blame Palman an pou Reta nan Pwosesis Elektoral la


Prezidan pwovizwa ayisyen an, Jocelerme Privert
Prezidan pwovizwa ayisyen an, Jocelerme Privert

Prezidan ayisyen an, Jocelerme Privert, yon fwa ankò lage sou do palman an responsablite reta ki genyen nan pwosesis elektoral la. Misye Privert –ki te fèk retounen Pòtoprens aprè li te fin patisipe nan siyati Akò Pari sou Rechofman Planèt la- fè laprès konnen palman an toujou deside trennen pye l chak fwa pouvwa egzekitif la voye devan n yon dokiman ki ta kapab fè pwosesis la avanse. Pou sa k konsènen Akò Pari a, lidè ayisyen an di se yon akò ki enpòtan anpil pou Ayiti, yon peyi kap fè fas ak anpil defi anviwonnmantal.

Konsèy Elektoral Pwovizwa a (CEP) te fè yon rankont pandan weekend nan avèk komisyon senatoryal sou kesyon enteryè ak kolektivite teritoryal. Apre rankont sa a, prezidan konsèy Elektoral la, Léopold Berlanger, deklare KEP a pa gen okenn rekòmandasyon dirèk lap pran nan men komisyon endepandan verifikasyon elektoral la. Bò kote pa l, Prezidan komisyon senatoryal la, Senatè Franfnet Dénéus, fè konnen lide kreyasyon komisyon verifikasyon elektoral sa a ba li anpil kè-sote.

Lidè kominotè yo nan Dyaspora ayisyen an ap swiv avèk anpil atansyon evolisyon sitiyasyon an nan peyi d Ayiti. Se konsa nan vil Orlando, nan Eta Florid, lide kreyasyon komisyon endepandan verifikasyon elektoral la pwovoke deba nan mitan konpatriyòt yo. Pa egzanp, Pastè Jean Carol Bernardin deklare kesyon komisyon sa a montre jiska ki degre Ayisyen yo pa gen respè pou enstitisyon nasyonal yo, paske Konsèy Elektoral Pwovizwa a --yon antite a baz konstitisyonèl-- genyen tout otorite legal e moral pou l ranpli misyon yap bay yon komisyon konsa.

XS
SM
MD
LG