Accessibility links

Breaking News

Avèk yon Nouvo Gouvènman plis yon KEP tou Nèf, Eske Ayiti Prale Annavan Finalman?


Aprè yon nouvo gouvènman pwovizwa fin monte sou pouvwa a ann Ayiti epi peyi a genyen yon nouvo KEP (Konsèy Elektoral Pwovizwa), tout siyn montre kriz politik la poko fini. Alòske sektè yo poko ka antann yo sou kesyon pou konnen eske peyi a pral genyen yon lòt komisyon endepandan pou evalye rezilta eleksyon prezidansyèl la, epi kilès ki dwe pran inisyativ pou fòme komisyon sa a, kèk nan sektè sa yo deja ap lonje dwèt sou gouvènman Privert-Jean-Charles la pou di li pa vle aplike plan li te genyen okòmansman pou l mete komisyon sa a sou pye. Nan yon entèvyou ak Lavwadlamerik, Clarens Renois, analis politik e ansyen kandida a la prezidans sou bannyè UNIR (Union Nationale pou l’Intégrité et la Réconciliation) pa mete dlo nan bouch li pou l di yon lòt kriz kapab pete anvan lontan nan peyi a.

NOUVEL AYITI POU VANDREDI PREMYE AVRIL 2016 LA - VWA: MARIE-LUCE PIERRE & LYONEL DESMARATTES
please wait

No media source currently available

0:00 0:08:19 0:00

Yon lòt sous kriz nan peyi d Ayiti, se anons prezidan Komisyon Finans Chanm Wòt la, Senatè Youry Latortue, fè pou di Gran Kò a pral ouvè yon ankèt pou konnen ki kote lajan Petro Caribe a pase. Misye Latortue –ki tap bay yon konferans pou laprès sou dosye a nan semèn nan- prezante yon lis ki montre plizyè tranch alokasyon kòb petwòl venezuelyen an sou administrasyon 2 dènye Prezidan yo: Préval ak Martelly. 2 ansyen lidè sa yo ak manm gouvènman yo byen kapab genyen pou yo reponn kesyon anketè yo.

Anfen, pandan lemond tap make Jounen Entènasyonal Medsen yo nan dat 30 mas 2016 la, responsab lasante yo nan Jakmèl, nan Sidès Ayiti, lanse apèl pou yo mande otorite yo pote plis atansyon sou sitiyasyon grav ki egziste nan lopital yo atravè peyi a. Se konsa Doktè Michel Louis Tauzin, youn nan responsab yo nan Lopital Sen Michel, fè konnen otorite yo ta kapab pèmèt tout Ayisyen viv relativman an bòn sante avèk yon ti kras plis efò. Daprè Doktè Tauzin, sitiyasyon an pap chanje si kanpay edikasyon ak konsyantizasyon sou lasante yo rete pawòl nan bouch sèlman e non pa aksyon ki bay rezilta.

XS
SM
MD
LG