Accessibility links

Breaking News

Etazini-Prezidansyèl : Kandida Repibliken yo Antann yo pou di Gwoup Eta Islamik la Fèt pou Disparèt

Kandida a la prezidans pou Pati Repibliken an (de goch a dwat: Antreprenè Donald Trump, ki tap mennen kanpay nan Palm Beach, Florid; Senatè Tegzas la, Ted Cruz, ki tap fè yon vizit elektoral nan Provo, Eta Utah; epi Gouvènè Eta Ohio a, John Kasich, ki tap pran lapawòl nan vil Orem, Eta Utah.

Ozetazini, 3 kandida a la prezidans ki rete nan kous la pou pati repibliken an (Donald Trump, Ted Cruz ak John Kasich) mete yo dakò nan jounen madi 29 mas 2016 la pou yo rekonèt nesesite pou Lèzetazini elimine Gwoup Eta Islamik la. Sepandan youn pa dakò pou li apiye sila ki ta ranpòte nominasyon pati a. Kandida ki devan nan kous la, Donald Trump, daklare:

GOP 2016 Trump
GOP 2016 Trump

“Nou fèt pou n efase gwoup Eta Islamik la sou sifas planèt Tè a avèk rapidite, avèk vyolans... Nou pa genyen okenn lòt chwa.”

Pou Senatè Cruz -ki 2èm nan kous la pou kantite delege li ranmase-- li fè konnen Lèzetazin ta dwe kòmanse pa itilize yon fòs depase limit pou l konbat gwoup la, epi ame konbatan Kird yo pou ede yo elimine gwoup la. Kanta pou Gouvènè Kasich, li preche yon apwòch ki mande yon kowalisyon pou detwi Gwoup Eta Islamik la; daprè li, kowalisyon sa a ta dwe jwenn yon pi gwo kontribisyon nan men Eta ki nan Gòlf Pèsik la...

Administrasyon Obama te gen pwoblèm ak gouvènman ni peyi Irak, ni peyi Afganistan sou kesyon pou konnen kijan Lèzetazini kapab sèvi ak tèritwa peyi sa yo pou l konbat Gwoup Eta Islamik la.

XS
SM
MD
LG