Accessibility links

Breaking News

Aviyasyon: Fen Detounman yon Avyon Ejipsyen sou Zile Chip


Avyon Egyptair la nan ayewopò Larnaca, sou Zile Chip, apre pirat la te fin detounen aparèy la nan kòmansman jounen madi 29 Mas 2016 la.
Avyon Egyptair la nan ayewopò Larnaca, sou Zile Chip, apre pirat la te fin detounen aparèy la nan kòmansman jounen madi 29 Mas 2016 la.

Nouvèl yo fè konnen nèg ki te detounen yon avyon pasaje ejipsyen pou fè l al ateri sou Zile Chip, tonbe anba men lapolis;, daprè otorite chipriyòt yo, "sitiyasyon detounman an fini kounye la a.

Pòtpawòl gouvènman Chip la, Nikos Christodoulides, fè parèt sou kont tweeter li yon nòt kote li di: "Tout pasaje yo ak tout manm ekipaj yo jwenn liberasyon yo. Pòtpawòl la pibliye nòt sa a kèk èdtan apre avyon an, yon aparèy konpayi EgyptAir, te ateri sou ayewopò Larnaca byen bonè nan jounen madi 29 mas 2016 la.

Otorite yo nan Chip ak Ejip di non pirat-de-lè a se Seif el-Din Mustafa; men moun poko konnen egzatteman pou ki rezon li poze zak la. Avyon an te kite vil Aleksandri, ann Ejip, pou l ale man kapital la, Lekèr. Prezidan chipriyòt la, Nicos Anastasiadès, deklare detounnman avyon an se pa yon zak teworis.

XS
SM
MD
LG