Accessibility links

Breaking News

Ayiti Politik:Prezidan Jocelerme Privert ap Chache yon Nouvo Kandida pou Pòs Premye Minis la.


Prezidan Jocelerme Privert
Prezidan Jocelerme Privert

Premye Sekretè chanm depite a, Abel Descollines, lanse yon apèl bay Prezidan pwovizwa a, Jocerleme Privert, pou konseye l pa pèdi tan chwazi yon lòt kandida pou plas Premye Minis la pou peyi a kapab gen yon nouvo gouvènman avan fen semèn nan. Misye Descollines kwè vòt non-konfyans depite yo te bay ansyen Premye Minis nome a, Fritz A. Jean, vin konplike sitiyasyon politik la nan peyi a.

Nouvèl Ayiti pou madi 22 mas 2016 la
please wait

No media source currently available

0:00 0:07:42 0:00
Direct link

Bò kote pa l, Depite Reynald Exantus mande Prezidan Privert rete nan kad Akò 6 Fevriye a lè lap fè chwa yon lòt Premye Minis. Misye Exantus rekòmande Chèf Deta a chache jwenn yon konsansis ak lòt aktè konsène yo pou li aplike Akò 5 Fevriye a epi finalize pwosesis elektoral la.

Yon lòt kote, ansyen Senatè Moise Jean Charles fè konnen li sòt fè yon vwayaj o Venezuela kote li abòde ak otorite yo dosye dèt 85 milyon dola Ayiti genyen pou peyi sid-ameriken an nan kad pwogram Petro Karibe a. Ansyen palmantè a mande Prezidan Jocelerme Privert renegosye akò a epi fè limyè sou jesyon lajan petwòl venezyelyen an.

Michel Martelly (adwat) ak chantè espayòl Julio Iglesias.
Michel Martelly (adwat) ak chantè espayòl Julio Iglesias.

Anfen, ansyen Prezidan ayisyen Michel Martelly ak gwoup mizikal li a, Sweet Micky, ap pare pou yo reyalize yon toune entènasyonal kap mennen ansyen lidè a ak lòt mizisyen òkès la Ozetazi epi sou kontinan ewopeyen an. Nan Miami, kolaboratè nou Pierre Nazon Beaulière te jwenn konfimasyon nouvèl sa a nan men pitit-gason ansyen prezidan an, Olivier Martelly, ki tounen kounyela a youn nan dirijan jazz la.

XS
SM
MD
LG