Accessibility links

Breaking News

Ayiti-Politik : Kilè Fritz Jean Pral Fè Ekspoze Politik Jeneral li nan Palman an? Sispens nan Ap Kontinye.


Ann Ayiti, tout je fikse sou palman an ak primati a nan moman obsèvatè yo ap mande kilè nouvo Premye Minis la, Fritz Alphonse Jean, pral prezante devan 2 chanm yo reyini pou l soumèt deklarasyon politik jeneral li. Kesyon an rete poze puiske gen 5 jou deja depi Prezidan Jocelerme Privert te enstale Misye Jean kòm nouvo chèf gouvènman nan plas Evans Paul ki pase plis pase yon lane sou pouvwa a.

Sou dosye prezantasyon politik jeneral nouvo Premye Minis la, Depite Antoine Rodon Bien-Aimé deklare gwoup politik kòlèg li yo fòme nan palman an ta renmen pou tout plan politik Misye Jean prepare pran an konsiderasyon sitiyasyon mizè pèp la ap viv nan peyi d Ayiti.

Nouvèl Ayiti pou jounen mèkredi 2 mas 2016 la: Vwa Marie-Luce Pierre ak Jacquelin Bélizaire
please wait

No media source currently available

0:00 0:07:44 0:00

Yon lòt kote, PNH (Polis Nasyonal d Ayiti) ofri yon pri 100 mil Goud pou tout enfòmasyon ki ta pèmèt otorite yo mete men sou yon nèg ki sove aprè li te tonbe anba men lapolis pou patisipasyon l nan kidnaping yon dam mwa pase a. Otorite yo mete 2 ajan PNH an disponiblite poutèt yo ta ede prevni an reyisi nan plan li te genyen pou l chape poul li.

Anfen, ekspè Nasyon Zini pou kesyon dwamoun, Gustavo Gallòn, mete fen madi premye mas 2016 la nan yon vizit evalyasyon nan peyi d Ayiti. Nan yon konferans pou laprès Misye Gallòn te bay anvan li kite Pòtoprens, li fè konnen li te rankontre ak Prezidan Jocelerme Privert ki ba li garanti peyi a pral gen eleksyon nan delè 120 jou Akò 5 Fevriye a prevwa a.

XS
SM
MD
LG