Accessibility links

Breaking News

Ayiti-Politik: Diferan Sektè Konsène yo Kòmanse Deziye Reprezantan yo nan Pwochen KEP a


Logo CEP Haiti New
Logo CEP Haiti New

Ann Ayiti, Prezidan Pwovizwa a, Jocelerme Privert, fè konnen li rankontre ak dirijan diferan sektè pou li ankouraje yo chwazi pèsonalite yo vle voye kòm reprezantan yo nan pwochen Konsèy Elektoral Pwovizwa a. Prezidan an bay sektè ki an reta yo yon delè 48 tè pou yo soumèt kandida yo.

Nouvèl Ayiti pou jedii 25 fevriye 2016 la
please wait

No media source currently available

0:00 0:07:09 0:00
Direct link

Yon lòt kote, lidè Platfòm Jistis la, Mèt André Michel, mande tout sektè nan peyi a mete ansanm pou yo antann yo sou yon lòt akò politik paske, daprè li, eleksyon pap ka fèt nan delè 120 jou jan akò 5 fevriye 2016 la mande l la. Jiris la presize akò sa a (ki te pase ant pouvwa egzekitif la ak palman an) pa angaje opozisyon an.

Anfen, Prezidan Chanm Depite a, Cholzer Chancy, rankontre ak Anbasadè Alejandro Deimundo Escobar, ki reprezante peyi Ajantin nan Pòtoprens, nan jounen mekredi 24 fevrye 2016 la. Dapre lidè Chanm bas la, rankont la te chita sou sitiyasyon politik la ann Ayiti ak kowoperasyon ant 2 peyi yo. Anbasadè Escobar, sou bò pa l, renouvle angajman peyi li pran pou l kontinye apiye pwosesis la.

XS
SM
MD
LG