Accessibility links

Breaking News

Etazini-Prezidansyèl : Deba byen Chofe ant 2 Kandida a la Prezidans Pati Demokrat la.

Kandida a la prezidans Pati Demokrat la, Senatè Bernie Sanders (Endepandan Eta Vermont), a goch, ki tap pale pandan kandida Hillary Rodham Clinton tap koute nan yon deba ki dewoule nan Inivèsite Wisconsin nan nan vil Milwaukee, jedi 11 fevriye 2016 la.

Ozetazini, 2 kandika a la prezidans pou Pati Demokrat la, ansyen Sekretè Deta Hillary Clinton ak Senatè Eta Vermont la, Bernie Sanders, sanble ap travay chak jou pi di pou yo chak chache pran tèt elektè yo pou di se li ki kandida pèp la, espesyalman kandida klas mwayèn nan. Se pi gwo enpresyon analis yo te genyen pandan 2 kandida yo tap patisipe nan yon deba jedi swa nan vil Milwaukee, nan Eta Wisconsin. Youn nan tèm Madam Clinton te touche yo se refòm nan sistèm jistis ameriken an. Ansyèn Premyè Dam nan di:

“Lè nap pale de refòm nan sistèm jistis la --de nesesite pou m mete fen nan yon epòk kote nou mete moun nan prizon pa bann e pa pakèt-- nou dwe pale tou de travay, edikasyon, lojman ak lòt mwayen pou nou ede kominote nou yo fè pwogrè. ”

Kandida Bernie Sanders ak Hillary Clinton pandan yo tap rive sou pòdyòm nan pou deba Pati Demokrat la ki dewoule nan sware 11 fevriye 2016 la nan vil Milwaukee, Eta Wisconsin.
Kandida Bernie Sanders ak Hillary Clinton pandan yo tap rive sou pòdyòm nan pou deba Pati Demokrat la ki dewoule nan sware 11 fevriye 2016 la nan vil Milwaukee, Eta Wisconsin.

Kandida Bernie Sanders te bay opinyon li tou sou sa li rele nesesite pou gen bon jan refòm nan sistèm jistis la. Misye Sanders fè konnen sa gen lontan depi otorite nan diferan gouvènman ameriken ap pale de nesesite sa a san yo pa fè efò vrèman pou yo pote chanjman nan sistèm nan.

“Nou pa kapab kontinye ap kite dosye sa a dòmi nan tiwa. Nou dwe chache rezoud pwoblèm yo… Yon bebe nwa-ameriken ki fèt jodi a genyen yon chans sou 4 pou l ale nan prizon. Se yon eskandal san parèy.”

Tou lè 2 kandida yo ap fè efò pou yo antre nan senpati popilasyon nwa a nan Eta Kawolin di Sid kote pwochen eleksyon primè demokrat la pral dewoule nan dat 27 fevriye pwochen an. Analis yo prevwa segman nwa a nan elektora Eta a pral jwe yon gwo wòl nan primè sa a.

Jedi 11 fevriye a, Madam Clinton jwenn yon gwo andòsman nan men Black Caucus la, sètadi gwoup palmantè nwa nan Kongrè ameriken an. Kesyon ap poze pou mande si sa pral sifi pou ba li yon viktwa li bezwen anpil-anpil nan randevou Kawolin di Sid la.

XS
SM
MD
LG