Accessibility links

Breaking News

Ayiti-Politik: Kritik Divès Sektè Kont Enskripsyon Palman an Ouvè pou Kandida a La Prezidans Peyi a.


Ann Ayiti, palman an kontinye ap resevwa dosye sitwayen ki ta renmen okipe pòs prezidan pwovizwa a avèk misyon pou òganize pwochen eleksyon yo. Enterese yo gen jiska vandredi 12 fevriye, 11 zè di maten, pou yo depoze dosye yo e nouvo lidè a ta dwe prete sèman nan dat dimanch 14 fevriye. Enterese yo gen pou yo peye yon frè enskripsyon 500 mil goud; yo dwe depoze frè sa a sou kont Inivèsite Deta d Ayiti. Sepandan, klas politik la divize sou demach palman an antreprann nan.

Nouvèl Ayiti pou jedii 11 fevriye 2016 la
please wait

No media source currently available

0:00 0:07:59 0:00
Direct link

Antretan prezidan Sena a, Jocelerme Privert, kòmanse yon seri konsiltasyon ak diferan sektè pou tande pozisyon yo sou mwayen ki ta pi bon pou rezoud kriz la. Pwofesè dwa e analis politik Osner Fevry, ki reponn kesyon Jean Robert Philippe, lanse lide pou 3 pouvwa leta yo ta reyini ak lòt sektè peyi a pou yo diskite sou pwosesis eleksyon Prezidan Pwovizwa a. Mèt Févri ajoute tout espwa poko pèdi pou palman an pote yon koreksyon.

Sitiyasyon politik la -espesyalman pwosesis palman an lanse pou l chwazi yon prezidan pwovizwa pou òganize pwochen eleksyon yo-- sete tèm pwogram Lib Tribin Lavwdlamerik la, Dyaloge ak Etazini, edisyon mèkredi 10 fevriye 2016 la. Youn nan envite yo sete Pierre Espérance, dirijan RNDDH, Rezo Nasyonal Dwamoun ann Ayiti. Misye Espérance, ki tap reponn kesyon Jacques Jean-Baptiste sou dosye a, di " "se yon eskandal; sa montre genyen yon mank matirite nan mitan klas politik la."

XS
SM
MD
LG