Accessibility links

Breaking News

Ayiti Politik: Palman an Ouvè Ofisyèlman Enskripsyon Kandida pou Pòs Prezidan Pwovizwa a


Ann Ayiti, dapre akò pouvwa egzekitif la ak pouvwa lejislatif la te siyen 5 fevriye pase a, yon komisyon bi-kameral palman an anonse ouvèti ofisyèl enskripsyon kandida ki ta vle okipe pòs prezidan pwovizwa a. Enterese yo dwe soumèt dokiman sa yo:

-Fotokopi kat didantifikasyon nasyonal;

-Fotokopi kat didantite fiskal;

-Ekstrè achiv ak de nesans;

-Curriculum Vitae;

-Kopi tit de propriyete kòm prèv enterese a posede yon kay nan peyi a;

-Sètifika sèvis imigrasyon ak emigrasyon ki montre enterese a pa gen yon lòt nasyonalite;

-Sètifika "bonne vie et moeurs" ki pote siyatif jij jiridiksyon kote kandida a ap viv la;

-2 foto idantite fòma paspò;

-Dechaj administratif si enterese a te jere lajan Leta.

Nouvèl Ayiti pou mèkredi 10 fevriye 2016 la
please wait

No media source currently available

0:00 0:07:02 0:00
Direct link

Bò kote pa l, dirijan Konsèy Aktè Non-Etatik yo (CONANE), Reveran Edouard Paultre, di li apiye dispozisyon palman an pran pou l chache konble vid ki genyen nan tèt pouvwa egzekitif la. Sepandan li regrèt mwayen pouvwa lejislatif la itilize a kapab dire twò lontan, e li swete kandida pou pòs Prezidan Pwovizwa a sòti sèlman nan Kou Kasasyon an -pi gwo tribinal peyi a.

Yon lòt kote direktè RNDDH (Rezo Nasyonal Dwa moun ann Ayiti), Pierre Espérance, lanse lide pou palman an ta travay ak tout sektè konsène nan peyi a pou konnen pozisyon yo sou chwa nouvo lidè peyi a. Pami misyon prezidan pwovizwa a se òganize eleksyon pou yon nouvo prezidan prete sèman nan dat 14 Me 2016 dapre akò pouvwa egsekitif la ak prezidan 2 chanm palman an te siyen 5 fevriye pase a. Misye Espérance di pwosesis ki pou debouche sou chwa prezidan pwovizwa peyi a se travay tout yon nasyon - e non pa travay Depite ak Senatè yo sèlman.

Anfen gouvènman ayisyen an dekrete jounen mèkredi 10 fevriye 2016 la yon jou konje nasyonal apre 2 jou banbòch kanaval.

XS
SM
MD
LG